< Sòm 15 >

1 Yon sòm David O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou? Kilès ki kab demere sou mòn sen Ou an?
(다윗의 시) 여호와여, 주의 장막에 유할 자 누구오며 주의 성산에 거할 자 누구오니이까
2 (Sila) ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo; li ki pale verite a nan kè li a;
정직하게 행하며 공의를 일삼으며 그 마음에 진실을 말하며
3 ki pa fè kout lang sou lòt, ni fè vwazen li mal, ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;
그 혀로 참소치 아니하고 그 벗에게 행악지 아니하며 그 이웃을 훼방치 아니하며
4 nan zye a (sila) yon vagabon meprize a, men ki bay lonè a (sila) ki fè lakrent SENYÈ yo; li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal, e li pa chanje menm;
그 눈은 망령된 자를 멸시하며 여호와를 두려워하는 자를 존대하며 그 마음에 서원한 것은 해로울지라도 변치 아니하며
5 Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. (Sila) ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.
변리로 대금치 아니하며 뇌물을 받고 무죄한 자를 해치 아니하는 자니 이런 일을 행하는 자는 영영히 요동치 아니하리이다

< Sòm 15 >