< Sòm 148 >
1 Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo! Louwe Li kote ki wo yo!
할렐루야! 하늘에서 여호와를 찬양하며 높은 데서 찬양할지어다!
2 Louwe Li, tout zanj Li yo. Louwe Li tout lame Li yo!
그의 모든 사자여 찬양하며 모든 군대여 찬양할지어다!
3 Louwe Li, solèy ak lalin nan. Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!
해와 달아 찬양하며 광명한 별들아 찬양할지어다!
4 Louwe Li, pi wo syèl yo, ak dlo ki anwo syèl yo.
하늘의 하늘도 찬양하며 하늘 위에 있는 물들도 찬양할지어다!
5 Kite yo louwe non SENYÈ a, paske Li te pase lòd, e sa te fèt.
그것들이 여호와의 이름을 찬양할 것은 저가 명하시매 지음을 받았음이로다
6 Anplis, Li te etabli yo jis pou tout tan. Li te pase yon dekrè ki p ap janm disparèt.
저가 또 그것들을 영영히 세우시고 폐치 못할 명을 정하셨도다
7 Louwe SENYÈ a soti sou latè, gwo bèt voras lanmè a ak tout fon an.
너희 용들과 바다여 땅에서 여호와를 찬양하라!
8 Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj, van tanpèt ki akonpli pawòl Li yo.
불과 우박과 눈과 안개와 그 말씀을 좇는 광풍이며
9 Mòn yo ak tout kolin yo, pye fwi yo ak tout pye sèd yo,
산들과 모든 작은 산과 과목과 모든 백향목이며
10 Bèt sovaj yo ak tout bèt chan yo, sa ki trennen atè ak bèt ki vole yo,
짐승과 모든 가축과 기는 것과 나는 새며
11 wa latè yo ak tout pèp yo, prens yo ak tout jij latè yo,
세상의 왕들과 모든 백성과 방백과 땅의 모든 사사며
12 ni jennonm, ni vyèj, granmoun ak timoun.
청년 남자와 처녀와 노인과 아이들아
13 Kite yo louwe non SENYÈ a, paske se sèl non Li ki leve wo. Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.
다 여호와의 이름을 찬양할지어다 그 이름이 홀로 높으시며 그 영광이 천지에 뛰어나심이로다
14 Li te leve yon kòn pou pèp Li a, Lwanj pou tout fidèl Li yo, menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li. Louwe SENYÈ a.
저가 그 백성의 뿔을 높이셨으니 저는 모든 성도 곧 저를 친근히 하는 이스라엘 자손의 찬양거리로다 할렐루야!