< Sòm 147 >

1 Louwe SENYÈ a! Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an. Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.
הללו-יה כי-טוב זמרה אלהינו-- כי-נעים נאוה תהלה
2 SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem. Li ranmase egzile Israël yo.
בונה ירושלם יהוה נדחי ישראל יכנס
3 Li geri (sila) ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
הרפא לשבורי לב ומחבש לעצבותם
4 Li konte fòs kantite zetwal yo. Li bay non a yo tout.
מונה מספר לכוכבים לכלם שמות יקרא
5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs. Bon konprann Li an san limit nèt.
גדול אדונינו ורב-כח לתבונתו אין מספר
6 SENYÈ a bay soutyen a aflije yo. Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.
מעודד ענוים יהוה משפיל רשעים עדי-ארץ
7 Chante a SENYÈ a ak remèsiman. Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
ענו ליהוה בתודה זמרו לאלהינו בכנור
8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo, ki founi lapli pou tè a, ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.
המכסה שמים בעבים-- המכין לארץ מטר המצמיח הרים חציר
9 Li bay bèt la manje li, ak jenn kòbo k ap kriye yo.
נותן לבהמה לחמה לבני ערב אשר יקראו
10 Li pa pran plezi nan fòs cheval la. Li pa pran plezi nan janm a moun.
לא בגבורת הסוס יחפץ לא-בשוקי האיש ירצה
11 SENYÈ a bay favè a (sila) ki krent Li yo, (sila) ki tann lanmou dous Li yo.
רוצה יהוה את-יראיו-- את-המיחלים לחסדו
12 Louwe SENYÈ a, O Jérusalem! Louwe Bondye ou a, O Sion!
שבחי ירושלם את-יהוה הללי אלהיך ציון
13 Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo; Li te beni fis ou yo anndan w.
כי-חזק בריחי שעריך ברך בניך בקרבך
14 Li fè lapè anndan lizyè ou yo. Li satisfè ou ak meyè kalite ble.
השם-גבולך שלום חלב חטים ישביעך
15 Li voye lòd Li sou latè. Pawòl Li kouri byen vit.
השלח אמרתו ארץ עד-מהרה ירוץ דברו
16 Li bay lanèj kon lenn. Li gaye lawouze glase kon sann.
הנתן שלג כצמר כפור כאפר יפזר
17 Li jete voye glas Li kon ti mòso. Se kilès ki kab kanpe devan fredi Li a?
משליך קרחו כפתים לפני קרתו מי יעמד
18 Li voye pawòl Li pou fonn yo. Li fè van Li soufle e dlo yo koule.
ישלח דברו וימסם ישב רוחו יזלו-מים
19 Li deklare pawòl Li yo a Jacob, règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.
מגיד דברו ליעקב חקיו ומשפטיו לישראל
20 Li pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon. Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo. Louwe SENYÈ a!
לא עשה כן לכל-גוי-- ומשפטים בל-ידעום הללו-יה

< Sòm 147 >