< Sòm 145 >

1 Yon chan lwanj pa David Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
大衛的讚美詩。 我的上帝我的王啊,我要尊崇你! 我要永永遠遠稱頌你的名!
2 Chak jou, mwen va beni Ou e mwen va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.
我要天天稱頌你, 也要永永遠遠讚美你的名!
3 Gran se SENYÈ a, dign de lwanj. Grandè Li pa kab fin sonde menm.
耶和華本為大,該受大讚美; 其大無法測度。
4 Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt. Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.
這代要對那代頌讚你的作為, 也要傳揚你的大能。
5 Sou bèlte e glwa a majeste Ou avèk zèv mèvèy Ou yo, mwen va reflechi tout tan.
我要默念你威嚴的尊榮 和你奇妙的作為。
6 Lezòm va pale sou pouvwa a zèv mèvèy Ou yo e mwen va pale jan Ou gran.
人要傳說你可畏之事的能力; 我也要傳揚你的大德。
7 Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou. Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.
他們記念你的大恩就要傳出來, 並要歌唱你的公義。
8 SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.
耶和華有恩惠,有憐憫, 不輕易發怒,大有慈愛。
9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li lonje rive sou tout zèv Li yo.
耶和華善待萬民; 他的慈悲覆庇他一切所造的。
10 Tout zèv Ou yo va di Ou: “Mèsi O SENYÈ,” e fidèl Ou yo va beni Ou.
耶和華啊,你一切所造的都要稱謝你; 你的聖民也要稱頌你,
11 Yo va pale glwa a wayòm Ou an, e pale sou zafè pouvwa Ou yo;
傳說你國的榮耀, 談論你的大能,
12 Pou fè rekonèt a fis a lòm yo, zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak majeste a wayòm Ou an.
好叫世人知道你大能的作為, 並你國度威嚴的榮耀。
13 Wayòm Ou an se yon wayòm etènèl e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.
你的國是永遠的國! 你執掌的權柄存到萬代!
14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe. Li leve wo tout (sila) ki vin pwostène yo.
凡跌倒的,耶和華將他們扶持; 凡被壓下的,將他們扶起。
15 Zye a tout moun genyen espwa sou Ou. Ou bay yo manje yo nan lè yo.
萬民都舉目仰望你; 你隨時給他們食物。
16 Ou ouvri men Ou pou satisfè dezi a tout (sila) k ap viv yo.
你張手, 使有生氣的都隨願飽足。
17 Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, e ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.
耶和華在他一切所行的,無不公義; 在他一切所做的都有慈愛。
18 SENYÈ a toupre tout (sila) ki rele Li yo, tout (sila) ki rele li ak verite yo.
凡求告耶和華的,就是誠心求告他的, 耶和華便與他們相近。
19 Li va ranpli dezi a (sila) ki gen lakrent Li yo. Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
敬畏他的,他必成就他們的心願, 也必聽他們的呼求,拯救他們。
20 SENYÈ a kenbe tout (sila) ki renmen Li yo, men mechan yo, Li va detwi
耶和華保護一切愛他的人, 卻要滅絕一切的惡人。
21 Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a, e tout chè va beni sen non Li an jis pou tout tan e pou tout tan.
我的口要說出讚美耶和華的話; 惟願凡有血氣的都永永遠遠稱頌他的聖名。

< Sòm 145 >