< Sòm 144 >

1 Yon Sòm David Beni se SENYÈ a, wòch mwen an, ki enstwi men m pou fè lagè, ak dwèt mwen pou batay.
לדוד ברוך יהוה צורי המלמד ידי לקרב אצבעותי למלחמה׃
2 Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an, Fòterès mwen ak liberatè mwen an, Boukliye mwen an nan (sila) mwen kache a, Ki soumèt pèp mwen an anba m.
חסדי ומצודתי משגבי ומפלטי לי מגני ובו חסיתי הרודד עמי תחתי׃
3 O SENYÈ, se kisa lòm nan ye pou Ou panse a li? Oswa fis a lòm nan pou Ou panse a Li?
יהוה מה אדם ותדעהו בן אנוש ותחשבהו׃
4 Lòm se tankou yon sèl souf. Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase.
אדם להבל דמה ימיו כצל עובר׃
5 Bese syèl Ou yo, O SENYÈ e desann. Touche mòn yo pou yo kab fè lafimen.
יהוה הט שמיך ותרד גע בהרים ויעשנו׃
6 Fè parèt eklè pou gaye yo. Voye flèch Ou pou mete yo nan konfizyon.
ברוק ברק ותפיצם שלח חציך ותהמם׃
7 Lonje men Ou soti anwo. Fè m sekou! Delivre m sòti nan gwo dlo yo, nan men etranje yo ak
שלח ידיך ממרום פצני והצילני ממים רבים מיד בני נכר׃
8 bouch kap pale manti yo e men dwat a (sila) ki se men dwat a manti yo.
אשר פיהם דבר שוא וימינם ימין שקר׃
9 Mwen va chante yon chan tounèf a Ou menm, O Bondye; Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm,
אלהים שיר חדש אשירה לך בנבל עשור אזמרה לך׃
10 Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a, chape de nepe lanmò a.
הנותן תשועה למלכים הפוצה את דוד עבדו מחרב רעה׃
11 Fè m sekou e delivre m de men a etranje yo, Bouch a (sila) ki pale desepsyon yo, e men dwat a (sila) ki men dwat a manti yo.
פצני והצילני מיד בני נכר אשר פיהם דבר שוא וימינם ימין שקר׃
12 Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi, e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta embeli yon palè wayal.
אשר בנינו כנטעים מגדלים בנעוריהם בנותינו כזוית מחטבות תבנית היכל׃
13 Kite depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi. Kite twoupo nou yo pwodwi dè milye e dè di milye nan chan nou yo.
מזוינו מלאים מפיקים מזן אל זן צאוננו מאליפות מרבבות בחוצותינו׃
14 Kite bèf nou yo ka pote gwo chaj. Pou nou pa gen kase kay, ni kouri kite, e nanpwen moun k ap rele “anmwey” nan lari nou yo.
אלופינו מסבלים אין פרץ ואין יוצאת ואין צוחה ברחבתינו׃
15 A la beni pèp ki ranje konsa beni! A la beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.
אשרי העם שככה לו אשרי העם שיהוה אלהיו׃

< Sòm 144 >