< Sòm 143 >

1 Yon Sòm David Tande lapriyè mwen, O SENYÈ. Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo. Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak ladwati Ou!
“A psalm of David.” Hear my prayer, O LORD! give ear to my supplications! In thy faithfulness, and in thy righteousness, answer me!
2 Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a, paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.
Enter not into judgment with thy servant; For before thee no man living is righteous.
3 Paske lènmi an te pèsekite nanm mwen. Li fin kraze lavi m jis rive atè. Li te fè m rete kote fènwa, tankou (sila) ki mouri lontan yo.
For the enemy pursueth my life; He hath smitten me to the ground; He hath made me dwell in darkness, As those that have been dead of old.
4 Pou sa, lespri m kraze nèt anndan m. Kè m nan gwo twoub anndan m.
My spirit is overwhelmed within me; My heart within me is desolate.
5 Mwen sonje ansyen jou yo. Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè. Mwen panse sou zèv men Ou yo.
I remember the days of old; I meditate on all thy works; I muse on the deeds of thy hands.
6 Mwen lonje men m vè Ou menm. Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.
I stretch forth my hands unto thee; My soul thirsteth for thee, like a parched land.
7 Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli; Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon (sila) ki desann nan fòs yo.
Hear me speedily, O LORD! My spirit faileth; Hide not thy face from me. Lest I become like those who go down to the pit!
8 Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten, paske mwen mete konfyans mwen nan Ou. Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a, paske se a Ou ke mwen leve nanm mwen.
Cause me so see thy loving-kindness speedily; For in thee do I trust! Make known to me the way which I should take; For to thee do I lift up my soul!
9 Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo. Mwen kache nan Ou.
Deliver me, O LORD! from mine enemies; For in thee do I seek refuge!
10 Enstwi mwen pou fè volonte Ou, paske se Ou menm ki Bondye mwen. Lespri Ou bon. Kondwi mwen sou tèren ladwati a.
Teach me to do thy will; For thou art my God! Let thy good spirit lead me in a plain path!
11 Pou koz a non Ou, O SENYÈ, fè m reprann fòs mwen. Nan ladwati Ou, mennen nanm mwen sòti nan gwo twoub la.
Revive me, O LORD! for thy name's sake! In thy righteousness, bring me out of my distress!
12 Epi nan lanmou dous Ou a, fè lennmi m yo koupe retire nèt. Detwi tout (sila) ki aflije nanm mwen yo, paske mwen se sèvitè Ou.
And, in thy compassion, cut off mine enemies, And destroy all that distress me! For I am thy servant.

< Sòm 143 >