< Sòm 142 >

1 Yon Sòm Refleksyon pa David lè l te nan kav la. Yon lapriyè Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a. Ak vwa m, mwen fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.
ダビデがほら穴にいた時によんだマスキールの歌、祈 わたしは声を出して主に呼ばわり、声を出して主に願い求めます。
2 Mwen vide plent mwen yo devan L. Mwen deklare pwoblèm mwen yo devan L.
わたしはみ前にわが嘆きを注ぎ出し、み前にわが悩みをあらわします。
3 Lè lespri m te fin bat anndan m, Ou te konnen chemen mwen. Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.
わが霊のわがうちに消えうせようとする時も、あなたはわが道を知られます。彼らはわたしを捕えようとわたしの行く道にわなを隠しました。
4 Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen. Nanpwen moun ki pou fè m chape. Nanpwen moun ki pou pran swen m.
わたしは右の方に目を注いで見回したが、わたしに心をとめる者はひとりもありません。わたしには避け所がなく、わたしをかえりみる人はありません。
5 Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ. Mwen te di “Se Ou menm ki sekou mwen, pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”
主よ、わたしはあなたに呼ばわります。わたしは言います、「あなたはわが避け所、生ける者の地でわたしの受くべき分です。
6 “Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt. Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo, paske yo twò fò pou mwen.
どうか、わが叫びにみこころをとめてください。わたしは、はなはだしく低くされています。わたしを責める者から助け出してください。彼らはわたしにまさって強いのです。
7 Mennen nanm mwen sòti nan prizon, pou m kab bay remèsiman a non Ou. Moun ladwati mwen yo va antoure mwen, paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”
わたしをひとやから出し、み名に感謝させてください。あなたが豊かにわたしをあしらわれるので、正しい人々はわたしのまわりに集まるでしょう」。

< Sòm 142 >