< Sòm 141 >
1 Yon Sòm David O SENYÈ, mwen rele non Ou. Fè vit! Vin kote m! Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!
Psaume de David.
2 Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou; lè m leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.
Que ma prière soit dirigée comme un encens en votre présence: que l’élévation de mes mains soit un sacrifice du soir.
3 Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ. Veye dri sou pòt lèv mwen yo.
Mettez, Seigneur, une garde à ma bouche, et une porte autour de mes lèvres.
4 Pa mennen kè m vè okenn mal, pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki fè inikite yo. Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.
N’inclinez pas mon cœur à des paroles de malice, pour prétexter des excuses à mes péchés,
5 Kite moun ladwati yo frape mwen. Konsa, li dous. Kite li korije mwen. L ap tankou lwil ki koule sou tèt la. Pa kite tèt mwen refize li, paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.
Le juste me reprendra dans sa bonté, et il me corrigera; mais l’huile d’un pécheur ne parfumera pas ma tête.
6 Jij pa yo fin jete a tè bò kote wòch yo. Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.
Attachés à une pierre, leurs juges ont été précipités. Ils écouteront mes paroles, parce qu’elles sont puissantes;
7 Tankou lè yon moun laboure pou fann tè a, se konsa zo nou yo fin gaye nan bouch sejou mò a. (Sheol )
Comme une terre compacte, rompue par le soc, se répand sur la terre, (Sheol )
8 Paske zye mwen se sou Ou, O BONDYE, Senyè a. Nan Ou, mwen kache. Pa kite nanm mwen san pwotèj.
Parce que vers vous, Seigneur, Seigneur, se sont élevés mes yeux; qu’en vous j’ai espéré, ne m’ôtez pas mon âme.
9 Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo, avèk pèlen a (sila) ki fè inikite yo.
Gardez-moi du lacs qu’ils m’ont dressé, et des pierres d’achoppement de ceux qui opèrent l’iniquité.
10 Kite mechan yo tonbe nan pwòp filè yo, pandan mwen pase akote.
Les pécheurs tomberont dans son filet: pour moi, je suis seul, jusqu’à ce que je passe.