< Sòm 140 >

1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo. Delivre m de moun vyolan yo:
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non,
2 ka p fè manèv mechan nan kè yo. Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.
anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.
3 Yo file lang yo tankou koulèv. Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo. Tan
Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
4 Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo. Pwoteje m de moun vyolan ki te fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.
Seyè, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m' tonbe.
5 Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen. Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la. Yo fin plase yon pyèj pou mwen. Tan
Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen.
6 Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.” Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo.
Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou.
7 O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an, Ou te kouvri tèt mwen nan jou batay la.
Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare.
8 Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an. Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo. Tan
Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive!
9 Epi pou chèf an tèt a (sila) ki antoure mwen yo, pou malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.
Pa kite moun ki pa vle wè m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!
10 Kite chabon tou limen vin tonbe sou yo. Kite yo jete nan dife, nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti.
Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.
11 (Sila) ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.
Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo.
12 Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo, e fè jistis pou malere a.
Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo.
13 Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou. Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.
Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l' yo va toujou viv devan l'.

< Sòm 140 >