< Sòm 14 >

1 Pou direktè koral la; yon sòm David Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.” Yo konwonpi. Yo te fè zak abominab. Nanpwen ki fè sa ki bon.
愚なるものは心のうちに神なしといへり かれらは腐れたり かれらは憎むべき事をなせり 善をおこなふ者なし
2 SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo pou wè si genyen ki konprann, k ap chache Bondye.
ヱホバ天より人の子をのぞみみて悟るもの神をたづぬる者ありやと見たまひしに
3 Yo tout te vire akote. Ansanm yo te vin konwonpi. Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.
みな逆きいでてことごとく腐れたり 善をなすものなし一人だになし
4 Èske tout malfektè inikite yo pa konnen, (sila) Ki manje pèp mwen yo tankou y ap manje pen an, san yo pa rele SENYÈ a?
不義をおこなふ者はみな智覺なきか かれらは物くふごとくわが民をくらひ またヱホバをよぶことをせざるなり
5 La, yo nan gwo danje, paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.
視よかかる時かれらは大におそれたり 神はただしきものの類のなかに在せばなり
6 Nou meprize bezwen aflije a, men SENYÈ a se refij li.
なんぢらは苦しめるものの謀略をあなどり辱かしむ されどヱホバはその避所なり
7 O ke sali Israël la ta sòti nan Sion! Lè SENYÈ a restore pèp kaptif li a, Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.
ねがはくはシオンよりイスラエルの救のいでんことを ヱホバその民のとらはれたるを返したまふときヤコブはよろこびイスラエルは樂まん

< Sòm 14 >