< Sòm 139 >

1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David O SENYÈ, Ou te sonde mwen e te konnen mwen.
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, ou sonde m', ou konnen ki moun mwen ye.
2 Ou konnen lè m chita ak lè m leve. Ou konprann panse mwen yo de lwen.
Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.
3 Ou konn egzamine chemen mwen fè avèk kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.
Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m', ou konnen tou sa m'ap fè.
4 Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen, Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.
Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di.
5 Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e Ou te poze men Ou sou mwen.
Kote m' vire, ou la bò kote m', w'ap pwoteje m' ak pouvwa ou.
6 Konesans konsa twò mèvèye pou mwen. Li twò wo. Mwen pa kab rive kote l.
Konesans ou genyen yo twòp pou mwen. Yo depase m', mwen pa konprann yo.
7 Kibò mwen kab ale kite lespri Ou? Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?
Ki bò mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m' devan je ou?
8 Si mwen monte nan syèl la, Ou la. Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la. (Sheol h7585)
Si m' moute nan syèl la, se la ou ye. Si m' desann kote mò yo ye a, ou la tou. (Sheol h7585)
9 Si mwen pran zèl nan maten, si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,
Si m' vole ale bò kote solèy leve, osinon si m' al rete bò lòt bò lanmè,
10 menm la, se men Ou k ap mennen mwen, e se men dwat Ou k ap kenbe m.
l'a ankò, w'ap toujou la pou mennen m', w'ap la pou pwoteje m'.
11 Si mwen di: “Anverite, tenèb la va kouvri mwen, e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”
Si mwen di: -Bon! M' pral kache nan fènwa a. M' pral rete kote tout limyè mouri.
12 menm tenèb la pa tenèb pou Ou, e fènwa a klere menm jan ak lajounen. Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.
Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou.
13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo. Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'.
14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman, paske mwen fèt yon fason mèvèye. Zèv Ou yo depase bon konprann e nanm mwen byen konnen sa.
M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a, e tise kon mèvèy etonnan nan fon tè a.
Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun pa t' ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a.
16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen. Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.
17 Anplis, SENYÈ, a la presye se panse Ou yo yo pou mwen! A la gran, yo gran anpil!
Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m' konprann, lèfini yo anpil!
18 Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab. Lè m leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.
Si m' ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m' ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa.
19 O ke Ou ta touye mechan yo, O Bondye. Soti sou mwen, O moun ki vèse san.
Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m' an repo!
20 Paske yo pale kont Ou ak mechanste, e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.
Yo anba chal! Y'ap revòlte kont ou. Y'ap pale ou mal.
21 Èske m pa rayi (sila) ki rayi Ou yo, O SENYÈ? Epi èske mwen pa t blese menm de (sila) ki leve kont Ou yo?
Seyè, kouman ou ta vle pou m' pa rayi moun ki rayi ou yo! Kouman ou ta vle pou m' pa gen degoutans pou moun k'ap leve dèyè ou yo?
22 Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt. Yo devni lènmi m.
Mwen pa manke rayi yo. Mwen konsidere yo tankou lènmi m'.
23 Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen. Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.
Sonde m', Bondye! Wè tou sa ki nan kè m'! Fouye m'! Wè tou sa ki nan lide m'!
24 Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e mennen mwen nan chemen etènèl la.
Gade wè si m' sou yon move chemen. Mennen m' sou chemen ki la pou tout tan an.

< Sòm 139 >