< Sòm 138 >

1 Yon Sòm David Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m. Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.
ipsi David confitebor tibi Domine in toto corde meo quoniam audisti verba oris mei in conspectu angelorum psallam tibi
2 Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a, e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a; Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.
adorabo ad templum sanctum tuum et confitebor nomini tuo super misericordia tua et veritate tua quoniam magnificasti super omne nomen sanctum tuum
3 Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen. Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.
in quacumque die invocavero te exaudi me multiplicabis me in anima mea virtute
4 Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.
confiteantur tibi Domine omnes reges terrae quia audierunt omnia verba oris tui
5 Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a, paske gran se glwa SENYÈ a.
et cantent in viis Domini quoniam magna gloria Domini
6 Paske malgre SENYÈ a egzalte, Li toujou okipe (sila) ki ba yo. Men moun ki ògeye yo, Li rekonèt yo de lwen.
quoniam excelsus Dominus et humilia respicit et alta a longe cognoscit
7 Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub, Ou va fè m reprann mwen. Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo. Men dwat Ou va sove mwen.
si ambulavero in medio tribulationis vivificabis me super iram inimicorum meorum extendisti manum tuam et salvum me fecit dextera tua
8 SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an. Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan. Pa abandone zèv men Ou yo.
Dominus retribuet propter me Domine misericordia tua in saeculum opera manuum tuarum ne dispicias

< Sòm 138 >