< Sòm 137 >
1 Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita. Nou te kriye, lè nou te sonje Sion.
Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.
2 Sou pye sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo.
Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a.
3 Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo, e bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di: “Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”
Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!
4 Kijan pou nou ta chante chan SENYÈ a nan yon peyi etranje?
Ki jan ou ta vle pou n' chante yon chante Seyè a nan yon peyi etranje?
5 Si mwen ta bliye ou, O Jérusalem, kite men dwat mwen bliye kapasite li.
Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.
6 Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen, Si m pa ta sonje ou, si m pa ta leve Jérusalem wo, pi wo ke pi gwo plezi m yo.
Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou.
7 Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan, ke yo te di: “Raze l nèt! Raze l jis rive nan fondasyon li.”
Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè!
8 O fi a Babylone nan, Ou menm ki te devaste nou an, A la beni (sila) ki rekonpanse ou ak menm rekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni!
Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.
9 A la beni (sila) ki sezi pitit ou yo, e ki kraze yo nan wòch la va beni!
Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch!