< Sòm 136 >

1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
הודו ליהוה כי טוב כי לעולם חסדו׃
2 Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
הודו לאלהי האלהים כי לעולם חסדו׃
3 Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo, paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;
הודו לאדני האדנים כי לעולם חסדו׃
4 A (Sila) sèl ki fè gwo mèvèy yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
לעשה נפלאות גדלות לבדו כי לעולם חסדו׃
5 A (Sila) ki ak gran kapasite te fè syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
לעשה השמים בתבונה כי לעולם חסדו׃
6 a (Sila) ki te ranje tè a anwo dlo yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
לרקע הארץ על המים כי לעולם חסדו׃
7 a (Sila) ki te fè gran limyè yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
לעשה אורים גדלים כי לעולם חסדו׃
8 solèy ki pou domine lajounen an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
את השמש לממשלת ביום כי לעולם חסדו׃
9 Lalin ak zetwal pou domine lannwit, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
את הירח וכוכבים לממשלות בלילה כי לעולם חסדו׃
10 A (Sila) ki te frape Ejipsyen yo nan premye ne yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
למכה מצרים בבכוריהם כי לעולם חסדו׃
11 ki te mennen Israël fè l sòti nan mitan yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
ויוצא ישראל מתוכם כי לעולם חסדו׃
12 Avèk yon men fò ak yon bra lonje nèt, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
ביד חזקה ובזרוע נטויה כי לעולם חסדו׃
13 a (Sila) ki te divize Lanmè Wouj fè de bò a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
לגזר ים סוף לגזרים כי לעולם חסדו׃
14 ki te fè Israël pase nan mitan li, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
והעביר ישראל בתוכו כי לעולם חסדו׃
15 men Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
ונער פרעה וחילו בים סוף כי לעולם חסדו׃
16 a (Sila) ki te mennen pèp Li a nan dezè a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
למוליך עמו במדבר כי לעולם חסדו׃
17 a (Sila) ki te frape gran wa yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
למכה מלכים גדלים כי לעולם חסדו׃
18 ki te touye wa pwisan yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
ויהרג מלכים אדירים כי לעולם חסדו׃
19 Sihon, wa Amoreyen an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
לסיחון מלך האמרי כי לעולם חסדו׃
20 ak Og, wa Basan an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
ולעוג מלך הבשן כי לעולם חסדו׃
21 e te bay peyi yo kon eritaj, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
ונתן ארצם לנחלה כי לעולם חסדו׃
22 menm yon eritaj a Israël, sèvitè Li a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
נחלה לישראל עבדו כי לעולם חסדו׃
23 ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
שבשפלנו זכר לנו כי לעולם חסדו׃
24 epi ki te delivre nou nan men advèsè nou yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
ויפרקנו מצרינו כי לעולם חסדו׃
25 ki bay manje a tout chè, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
נתן לחם לכל בשר כי לעולם חסדו׃
26 Bay remèsiman a Bondye syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
הודו לאל השמים כי לעולם חסדו׃

< Sòm 136 >