< Sòm 135 >
1 Beni SENYÈ a! Beni non SENYÈ a! Beni Li, O sèvitè a SENYÈ yo,
할렐루야 여호와의 이름을 찬송하라! 여호와의 종들아 찬송하라!
2 nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a, nan lakou lakay SENYÈ nou an!
여호와의 집 우리 하나님의 전정에 섰는 너희여,
3 Beni SENYÈ a, paske SENYÈ a bon. Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.
여호와를 찬송하라! 여호와는 선하시며 그 이름이 아름다우니 그 이름을 찬양하라!
4 Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm, Israël pou pwòp posesyon pa Li.
여호와께서 자기를 위하여 야곱 곧 이스라엘을 자기의 특별한 소유로 택하셨음이로다
5 Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran, e ke SENYÈ nou an pi wo ke tout dye yo.
내가 알거니와 여호와께서는 광대하시며 우리 모든 신보다 높으시도다
6 Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l, nan syèl la oswa sou tè a, nan lanmè yo ak nan tout fon yo.
여호와께서 무릇 기뻐하시는 일을 천지와 바다와 모든 깊은 데서 행하셨도다
7 Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo. Ki fè rive loray avèk lapli yo, ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.
안개를 땅 끝에서 일으키시며 비를 위하여 번개를 만드시며 바람을 그 곳간에서 내시는도다
8 Li te frape premye ne Égypte yo, ni lòm, ni bèt.
저가 애굽의 처음 난 자를 사람부터 짐승까지 치셨도다
9 Li te voye sign ak mèvèy nan mitan nou, O Égypte, sou Farawon avèk tout sèvitè Li yo.
애굽이여, 여호와께서 너의 중에 징조와 기사를 보내사 바로와 그 모든 신복에게 임하게 하셨도다
10 Li te frape anpil nasyon, e te detwi wa pwisan yo,
저가 많은 나라를 치시고 강한 왕들을 죽이셨나니
11 Sihon, wa Amoreyen yo, Og, wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo.
곧 아모리인의 왕 시혼과 바산 왕 옥과 가나안의 모든 국왕이로다
12 Epi Li te bay yo peyi yo kon eritaj, yon eritaj a Israël, pèp Li a.
저희의 땅을 기업으로 주시되 자기 백성 이스라엘에게 기업으로 주셨도다
13 Non Ou, O SENYÈ, dire jis pou tout tan, Memwa Ou, O SENYÈ, pou tout jenerasyon yo.
여호와여, 주의 이름이 영원하시니이다 여호와여, 주의 기념이 대대에 이르리이다
14 Paske SENYÈ a va jije pèp Li a, e va gen konpasyon pou sèvitè Li yo.
여호와께서 자기 백성을 판단하시며 그 종들을 긍휼히 여기시리로다
15 Zidòl a nasyon yo pa anyen sof ke ajan ak lò, zèv a men a lòm.
열방의 우상은 은, 금이요 사람의 수공물이라
16 Yo gen bouch, men yo pa pale. Yo gen zye, men yo pa wè.
입이 있어도 말하지 못하며 눈이 있어도 보지 못하며
17 Yo gen zòrèy, men yo pa tande, ni nanpwen souf nan bouch yo.
귀가 있어도 듣지 못하며 그 입에는 아무 기식도 없나니
18 (Sila) ki fè yo va vin tankou yo. Wi, tout (sila) ki mete konfyans nan yo.
그것을 만든자와 그것을 의지하는 자가 다 그것과 같으리라
19 O lakay Israël, beni SENYÈ a! O lakay Aaron, Beni SENYÈ a!
이스라엘 족속아 여호와를 송축하라! 아론의 족속아 여호와를 송축하라!
20 O lakay Lévi, beni SENYÈ a! Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a, beni SENYÈ a!
레위 족속아 여호와를 송축하라! 여호와를 경외하는 너희들아 여호와를 송축하라!
21 Ke SENYÈ a beni soti nan Sion, (Sila) ki abite Jérusalem nan, Beni SENYÈ a!
예루살렘에 거하신 여호와는 시온에서 찬송을 받으실지어다! 할렐루야