< Sòm 134 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. Gade byen! Beni SENYÈ a, tout sèvitè SENYÈ yo, Ki sèvi pandan lannwit lakay SENYÈ a!
Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout k'ap pase nwit lakay li ap sèvi l', ann fè lwanj Seyè a!
2 Leve men nou vè sanktiyè a, e beni SENYÈ a.
Louvri bra nou nan tanp li, lapriyè, fè lwanj Seyè a!
3 Ke SENYÈ a beni ou soti nan Sion, (Sila) ki te fè syèl la avèk tè a.
Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon pou l' beni ou. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

< Sòm 134 >