< Sòm 133 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. Gade byen, a la bon e agreyab pou frè yo viv ak tèt ansanm!
שיר המעלות לדוד הנה מה טוב ומה נעים שבת אחים גם יחד׃
2 Se tankou lwil presye ki koule sou tèt, vin desann jis sou bab, menm bab Aaron, vin desann rive sou kote vètman li.
כשמן הטוב על הראש ירד על הזקן זקן אהרן שירד על פי מדותיו׃
3 Se tankou lawouze Mòn Hermon ki vin desann sou mòn Sion nan; paske la, SENYÈ a te kòmande benediksyon an——lavi jis pou tout tan.
כטל חרמון שירד על הררי ציון כי שם צוה יהוה את הברכה חיים עד העולם׃

< Sòm 133 >