< Sòm 132 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. Sonje, SENYÈ, pou koz David, ak tout soufrans li an,
Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, pa bliye David. Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou.
2 jan li te sèmante a SENYÈ a, e te fè ve a Toupwisan a Jacob la:
Seyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l' te di:
3 Anverite, mwen p ap antre lakay mwen, ni kouche sou kabann mwen;
-Mwen p'ap antre nan kay kote m' rete a, mwen p'ap moute kouche sou kabann mwen,
4 mwen p ap kite zye m dòmi, ni pòpyè zye m fèmen,
mwen p'ap bay kò m' repo, mwen p'ap fèmen je m',
5 jiskaske m jwenn yon kote pou SENYÈ a, yon abitasyon pou Toupwisan a Jacob la.
toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete.
6 Men koute, nou te tande koze sa a nan Éphrata, nou te twouve l nan plèn Jaar a.
Nou te tande Bwat Kontra a te lavil Efrata. Men, nou jwenn li nan jaden Jearim yo.
7 Annou antre nan abitasyon Li a. Annou fè adorasyon kote machpye twòn Li an ye a.
Ann al lakay Seyè a. Ann al devan fotèy li pou n' adore l'.
8 Leve, O SENYÈ, vini nan plas repo Ou a, Ou menm avèk lach fòs Ou.
Leve non, Seyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.
9 Kite prèt Ou yo abiye nan ladwati, e kite fidèl Ou yo chante ak lajwa.
Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.
10 Pou koz David, sèvitè Ou a, pa vire fas kont onksyone Ou a.
Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a.
11 SENYÈ a te sèmante a David anverite. Sou (sila) Li p ap fè bak: “Nan fwi a kò Ou, mwen va etabli sou twòn Ou.
Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fotèy ou a.
12 Si fis ou yo kenbe akò Mwen ak temwayaj ke Mwen va enstwi yo, fis pa yo tou va chita sou twòn Ou an jis pou tout tan.”
Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fotèy ou a.
13 Paske SENYÈ a te chwazi Sion. Li te vle l pou abitasyon Li.
Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.
14 “Sa se plas repo Mwen, jis pou tout tan. Isit la Mwen va rete, paske Mwen te vle sa.
Se la mwen chwazi pou m' toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle.
15 Mwen va beni pwovizyon li ak abondans. Mwen va satisfè malere li yo ak pen.
M'a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l' viv. M'a bay pòv li yo manje plen vant yo.
16 Anplis, Mwen va abiye prèt li yo ak Sali, e fidèl li yo va chante byen fò ak lajwa.
M'a delivre prèt li yo, m'a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan.
17 La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt. Mwen te prepare yon lanp pou onksyone pa M nan.
Se la m'ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa. Mwen p'ap kite limyè a soti nan fanmi moun mwen chwazi a.
18 Lènmi li yo, Mwen va abiye yo ak wont. Men sou li menm, kouwòn li an va briye.”
M'ap fè lènmi l' yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.

< Sòm 132 >