< Sòm 131 >
1 Yon chan pou monte vè tanp lan. O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans. Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè, ni nan sa ki twò wo pou mwen.
Senhor, o meu coração não se elevou nem os meus olhos se levantaram: não me exercito em grandes materias, nem em coisas muito elevadas para mim
2 Anverite, mwen te fin ranje e kalme nanm mwen. Menm jan ke yon pitit poze sou manman l, anndan m, nanm mwen tankou yon pitit ki sevre.
Certamente que me tenho portado e socegado como uma creança desmamada de sua mãe: a minha alma está como uma creança desmamada.
3 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a depi koulye a e jis rive pou tout tan.
Espere Israel no Senhor, desde agora e para sempre.