< Sòm 130 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.
שיר המעלות ממעמקים קראתיך יהוה
2 SENYÈ, koute vwa mwen! Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.
אדני שמעה בקולי תהיינה אזניך קשבות-- לקול תחנוני
3 Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo, O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?
אם-עונות תשמר-יה-- אדני מי יעמד
4 Men avèk Ou menm, gen padon, pou moun ta gen reverans Ou.
כי-עמך הסליחה-- למען תורא
5 Mwen tann SENYÈ a. Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li, mwen mete espwa m.
קויתי יהוה קותה נפשי ולדברו הוחלתי
6 Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis pase gadyen k ap tann maten rive a. Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.
נפשי לאדני-- משמרים לבקר שמרים לבקר
7 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a. Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd. Avèk Li, gen redanmsyon an abondans.
יחל ישראל אל-יהוה כי-עם-יהוה החסד והרבה עמו פדות
8 Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.
והוא יפדה את-ישראל-- מכל עונתיו

< Sòm 130 >