< Sòm 13 >

1 Pou direktè koral la; yon sòm David Jiskilè SENYÈ? Èske Ou ap bliye mwen jis pou tout tan? Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?
למנצח מזמור לדוד עד אנה יהוה תשכחני נצח עד אנה תסתיר את פניך ממני׃
2 Pou konbyen de tan mwen va oblije depann sou pwòp konsèy tèt mwen, ak tristès nan kè m tout lajounen? Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen?
עד אנה אשית עצות בנפשי יגון בלבבי יומם עד אנה ירום איבי עלי׃
3 Okipe m, e reponn mwen, O SENYÈ, Bondye mwen; Fè zye m wè, pou m pa mouri;
הביטה ענני יהוה אלהי האירה עיני פן אישן המות׃
4 pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,” epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk.
פן יאמר איבי יכלתיו צרי יגילו כי אמוט׃
5 Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a; Kè m va rejwi nan delivrans ou
ואני בחסדך בטחתי יגל לבי בישועתך׃
6 Mwen va chante a SENYÈ a, paske Li te aji ak bon kè avè m.
אשירה ליהוה כי גמל עלי׃

< Sòm 13 >