< Sòm 129 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. “Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen. Kite Israël di koulye a:
Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.
2 “Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen, men yo pa janm reyisi kont mwen.
Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou.
3 Labourè yo te laboure chan yo sou do m. Yo fè tranch tè yo vin pi long.”
Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.
4 SENYÈ a dwat. Kòd a mechan yo, Li te koupe yo fè bout.
Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.
5 Ke tout (sila) ki rayi Sion yo vin wont! Ke yo retounen fè bak menm.
Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.
6 Kite yo vin tankou zèb sou kay la; zèb ki fennen avan li grandi,
Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.
7 jis moun rekòlt la p ap kapab plen men l, oubyen (sila) ki mare pote pake a, pa p ka plen lestomak li.
Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.
8 Ni (sila) ki pase yo, p ap di: “Ke benediksyon SENYÈ a rete avèk ou. Nou beni ou nan non SENYÈ a.”
Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!

< Sòm 129 >