< Sòm 128 >
1 Yon chan pou monte vè tanp lan. A la beni se tout (sila) ki gen lakrent SENYÈ yo, ki mache nan chemen Li yo.
Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Seyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!
2 Lè ou manje nan fwi a men ou yo, ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.
3 Madanm ou ap tankou yon chan rezen ki bay anpil rezen lakay ou. Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plant oliv tout arebò tab ou.
4 Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.
Se konsa Seyè a ap beni moun ki gen krentif pou li!
5 Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion; ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo!
Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon an pou l' beni ou! Mwen mande l' pou l' fè ou wè lavil Jerizalèm rete kanpe jouk jou ou mouri.
6 Wi, pou ou ka wè pitit a pitit ou yo! Ke lapè rete sou Israël!
Mwen mande l' pou l' fè ou wè pitit pitit ou yo! Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la!