< Sòm 127 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon. Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la, (sila) ki bati li yo, travay anven. Amwenske SENYÈ a veye pòtay la, gadyen an rete zye louvri anven.
A Song of Ascents; of Solomon. Except Jehovah build the house, They labor in vain that build it: Except Jehovah keep the city, The watchman waketh but in vain.
2 Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta, pou manje pen a travay di yo, paske se domi Li bay a moun li renmen.
It is vain for you to rise up early, To take rest late, To eat the bread of toil; [For] so he giveth unto his beloved sleep.
3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a. Fwi a vant la se yon rekonpans.
Lo, children are a heritage of Jehovah; [And] the fruit of the womb is [his] reward.
4 Tankou flèch nan men a yon gèrye, Se konsa pitit a jèn yo ye.
As arrows in the hand of a mighty man, So are the children of youth.
5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo. Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
Happy is the man that hath his quiver full of them: They shall not be put to shame, When they speak with their enemies in the gate.

< Sòm 127 >