< Sòm 126 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo, nou te tankou (sila) ki fè rèv yo.
Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t' vle kwè se te vre!
2 Nan lè sa a, bouch nou te plen ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa. Konsa, yo te di pami nasyon yo: “SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”
Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: -Seyè a fè anpil bèl bagay pou yo!
3 SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou. Nou kontan.
Wi, li tè fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil.
4 Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ, kon rivyè nan dezè a.
Seyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo, menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò.
5 (Sila) ki simen ak dlo nan zye yo Va rekòlte avèk gwo kri lajwa.
Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.
6 (Sila) ki soti ap kriye akoz chàj makout semans lan. Men l ap retounen ankò ak kri lajwa, akoz chàj pakèt rekòlt l ap pote a.
Moun ki t'ap kriye lè yo t'aprale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.

< Sòm 126 >