< Sòm 125 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. (Sila) ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion, ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.
گۆرانی گەشتیاران. ئەوانەی پشتیان بە یەزدان بەستووە وەک کێوی سییۆن وان، کە نالەقێت، بەڵکو هەتاهەتایە هەر چەسپاوە.
2 Kon mòn antoure Jérusalem yo, se konsa SENYÈ a antoure pèp Li a depi moman sa a, e jis rive pou tout tan.
وەک چۆن چیاکان دەوری ئۆرشەلیمیان داوە، یەزدانیش دەوری گەلی خۆی داوە، لە ئێستاوە و هەتاهەتایە.
3 Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo, jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou fè mal.
داردەستی خراپەکاران لەسەر میراتی ڕاستودروستان جێگیر نابێت، نەوەک ڕاستودروستان دەستیان درێژ بکەن بۆ خراپەکاری.
4 Fè byen, SENYÈ, a (sila) ki bon yo, ak (sila) ki dwat nan kè yo.
ئەی یەزدان، چاکە بکە لەگەڵ پیاوچاکان، لەگەڵ ئەوانەی بە دڵ ڕاستودروستن.
5 Men pou (sila) ki vire akote pou chemen kwochi pa yo, SENYÈ a va mennen yo sòti avèk (sila) ki fè inikite yo. Ke lapè rete sou Israël.
بەڵام ئەوانەی بادەدەنەوە و ڕێگای خوار دەگرن، یەزدان لەگەڵ بەدکاران دەیانبات. ئاشتی بۆ ئیسرائیل!

< Sòm 125 >