< Sòm 123 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. A Ou menm, mwen leve zye mwen, O Ou menm ki chita sou twòn Ou nan syèl la!
A song of ascents. I lift up my eyes to You, the One enthroned in heaven.
2 Men gade, jan zye a sèvitè yo rete sou men a mèt yo, Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li, Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras.
As the eyes of servants look to the hand of their master, as the eyes of a maidservant look to the hand of her mistress, so our eyes are on the LORD our God until He shows us mercy.
3 Bannou gras, O SENYÈ, bannou gras, paske nou ranpli ak mepriz.
Have mercy on us, O LORD, have mercy, for we have endured much contempt.
4 Nanm nou ranpli ak ensilt a (sila) ki alèz yo, avèk mepriz a (sila) ki plen ògèy yo.
We have endured much scorn from the arrogant, much contempt from the proud.

< Sòm 123 >