< Sòm 122 >

1 Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David. Mwen te kontan lè yo te di mwen, “Annou ale lakay SENYÈ a.”
שיר המעלות לדוד שמחתי באמרים לי-- בית יהוה נלך
2 Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem!
עמדות היו רגלינו-- בשעריך ירושלם
3 Jérusalem, ki bati kon yon vil ki kole dyanm ansanm,
ירושלם הבנויה-- כעיר שחברה-לה יחדו
4 sou (sila) tribi yo konn monte, menm tribi a SENYÈ yo, yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a.
ששם עלו שבטים שבטי-יה--עדות לישראל להדות לשם יהוה
5 Paske la, twòn yo te plase pou jijman, twòn lakay David yo.
כי שמה ישבו כסאות למשפט כסאות לבית דוד
6 Priye pou lapè Jérusalem. (Sila) ki renmen ou yo va pwospere.
שאלו שלום ירושלם ישליו אהביך
7 Ke lapè kapab anndan miray ou yo, e pwosperite nan palè ou yo.
יהי-שלום בחילך שלוה בארמנותיך
8 Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a, “Ke lapè anndan ou”.
למען אחי ורעי-- אדברה-נא שלום בך
9 Pou koz a kay SENYÈ a, Bondye nou an, mwen va chache byen ou.
למען בית-יהוה אלהינו-- אבקשה טוב לך

< Sòm 122 >