< Sòm 121 >
1 Yon Sòm pou monte vè tanp lan Mwen leve zye m vè mòn yo. Se kibò sekou mwen va sòti?
Levantaré mis ojos a las montañas. ¿De dónde vendrá mi socorro?
2 Sekou m sòti nan SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a.
Mi socorro [viene] de Yavé, Quien hizo [el] cielo y [la] tierra.
3 Li p ap kite pye ou chape. (Sila) ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi.
No permitirá que tu pie resbale, Ni se dormirá el que te guarda.
4 Gade byen, (Sila) ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.
Ciertamente, no se adormecerá ni dormirá, El que guarda a Israel.
5 SENYÈ a se gadyen ou. SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.
Yavé es tu Guardador, Yavé es tu Sombra a tu mano derecha.
6 Solèy p ap frape ou lajounen, ni lalin pandan lannwit.
El sol no te fatigará de día, Ni la luna de noche.
7 SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal. Li va kenbe nanm ou.
Yavé te protegerá de todo mal. Él guardará tu alma.
8 Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.
Yavé guardará tu salida y tu entrada Desde ahora y para siempre.