< Sòm 120 >
1 Yon chanson pou monte vè tanp lan Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a. Li te reponn mwen.
A Song of Ascents. In my distress I cried unto the LORD, and he answered me.
2 Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon, de lang ki plen manti yo.
Deliver my soul, O LORD, from lying lips, [and] from a deceitful tongue.
3 Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O lang mansonjè?
What shall be given unto thee, and what shall be done more unto thee, thou deceitful tongue?
4 Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen.
Sharp arrows of the mighty, with coals of juniper.
5 Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a Méschec, Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!
Woe is me, that I sojourn in Meshech, that I dwell among the tents of Kedar!
6 Nanm mwen gen demè li avèk (sila) ki rayi lapè yo pandan twòp tan.
My soul hath long had her dwelling with him that hateth peace.
7 Mwen vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.
I am [for] peace: but when I speak, they are for war.