< Sòm 12 >
1 Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd Yon sòm David. Sekou, SENYÈ, paske moun ladwati yo sispann egziste, Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.
¡Salva, oh Yavé, porque se acaban los piadosos! Porque desaparecen los fieles entre los hijos de [los] hombres.
2 Yo pale sa ki fo a youn lòt. Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.
Hablan vanidades, cada uno a su prójimo. Hablan con labios lisonjeros y doblez de corazón.
3 Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo, ak lang ki pale gwo bagay yo;
¡Corte Yavé todos los labios lisonjeros, La boca que habla altanerías!
4 ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi. Lèv nou se pou nou. Se kilès ki kab mèt sou nou?”
Los que dicen: Prevaleceremos con nuestra lengua. Nuestros labios son nuestros. ¿Quién es ʼAdón sobre nosotros?
5 “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de (sila) ki maltrete l la.”
Por la opresión a los pobres, Por el gemido del menesteroso, Ahora me levantaré, dice Yavé. Pondré en seguridad al que por ella suspira.
6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach; tankou ajan ki teste nan founo, rafine nan tè sèt fwa.
Las Palabras de Yavé son Palabras puras, Como plata refinada en un crisol en la tierra Purificada siete veces.
7 Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo. Ou va prezève yo soti nan jenerasyon (sila) a jis pou tout tan.
Tú los guardarás, oh Yavé, Los guardarás de esta generación para siempre.
8 Mechan yo pwomennen toupatou tout kote lè bagay ki lèd vin leve wo pami fis a lòm yo.
Por todos lados los impíos deambulan Cuando la vileza es exaltada entre los hijos de [los] hombres.