< Sòm 119 >

1 ALÈPH. A la beni se (sila) ak chemen ki san fot yo, ki mache nan lalwa SENYÈ a.
אשרי תמימי דרך ההלכים בתורת יהוה׃
2 A la beni se (sila) ki kenbe temwayaj Li yo, Ki chache Li ak tout kè yo.
אשרי נצרי עדתיו בכל לב ידרשוהו׃
3 Ki pa fè okenn inikite. Yo mache nan chemen Li yo.
אף לא פעלו עולה בדרכיו הלכו׃
4 Ou te òdone règleman Ou yo, pou nou ta kenbe yo ak dilijans.
אתה צויתה פקדיך לשמר מאד׃
5 O ke chemen mwen yo kapab vin etabli pou kenbe règleman Ou yo!
אחלי יכנו דרכי לשמר חקיך׃
6 Konsa, mwen p ap vin desi lè m gade kòmandman Ou yo.
אז לא אבוש בהביטי אל כל מצותיך׃
7 Mwen va bay Ou remèsiman avèk yon kè ki dwat, lè mwen aprann jijman dwat Ou yo.
אודך בישר לבב בלמדי משפטי צדקך׃
8 Mwen va kenbe règleman Ou yo. Pa abandone m nèt! BETH
את חקיך אשמר אל תעזבני עד מאד׃
9 Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot? Nan kenbe li selon pawòl Ou.
במה יזכה נער את ארחו לשמר כדברך׃
10 Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou. Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.
בכל לבי דרשתיך אל תשגני ממצותיך׃
11 Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m, pou m pa t peche kont Ou.
בלבי צפנתי אמרתך למען לא אחטא לך׃
12 Beni se Ou menm SENYÈ a. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
ברוך אתה יהוה למדני חקיך׃
13 Avèk lèv mwen, mwen te pale selon tout òdonans bouch Ou yo.
בשפתי ספרתי כל משפטי פיך׃
14 Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo, konsi se nan tout richès yo.
בדרך עדותיך ששתי כעל כל הון׃
15 Mwen va reflechi sou règleman Ou yo, e okipe chemen Ou yo.
בפקדיך אשיחה ואביטה ארחתיך׃
16 Mwen va rejwi nan lòd Ou yo. Mwen p ap bliye pawòl Ou. GIMEL
בחקתיך אשתעשע לא אשכח דברך׃
17 Aji ak gras avèk sèvitè Ou a, pou m kab viv e kenbe pawòl Ou.
גמל על עבדך אחיה ואשמרה דברך׃
18 Ouvri zye m pou m kab wè bèl bagay nan lalwa Ou yo.
גל עיני ואביטה נפלאות מתורתך׃
19 Mwen se yon etranje sou latè. Pa kache kòmandman Ou yo de mwen.
גר אנכי בארץ אל תסתר ממני מצותיך׃
20 Nanm mwen kraze ak anvi pou òdonans Ou yo tout tan.
גרסה נפשי לתאבה אל משפטיך בכל עת׃
21 Ou repwoche ògeye yo, moun madichonnen yo, k ap egare kite kòmandman Ou yo.
גערת זדים ארורים השגים ממצותיך׃
22 Retire repwòch ak mepri a sou mwen, paske mwen obsève temwayaj Ou yo.
גל מעלי חרפה ובוז כי עדתיך נצרתי׃
23 Malgre prens yo vin chita pou pale kont mwen, Sèvitè Ou va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.
גם ישבו שרים בי נדברו עבדך ישיח בחקיך׃
24 Anplis, temwayaj Ou yo se plezi mwen ak konseye mwen yo. DALETH
גם עדתיך שעשעי אנשי עצתי׃
25 Nanm mwen kole rèd nan pousyè a. Fè m leve selon pawòl Ou.
דבקה לעפר נפשי חיני כדברך׃
26 Mwen te pale sou chemen mwen yo, e Ou te reponn mwen. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
דרכי ספרתי ותענני למדני חקיך׃
27 Fè m konprann chemen òdonans Ou yo, pou m kab reflechi tout tan sou mèvèy Ou yo.
דרך פקודיך הבינני ואשיחה בנפלאותיך׃
28 Nanm mwen ap kriye akoz doulè. Ban m fòs selon pawòl Ou a.
דלפה נפשי מתוגה קימני כדברך׃
29 Retire sou mwen fo chemen an e ban mwen gras nan lalwa Ou a.
דרך שקר הסר ממני ותורתך חנני׃
30 Mwen te chwazi chemen fidèl Ou a. Mwen te mete òdonans Ou yo devan m.
דרך אמונה בחרתי משפטיך שויתי׃
31 Mwen kole rèd de temwayaj Ou yo. O SENYÈ, pa fè m desi.
דבקתי בעדותיך יהוה אל תבישני׃
32 Mwen va kouri nan vwa kòmandman Ou yo, paske Ou va fè kè m vin grandi. HE
דרך מצותיך ארוץ כי תרחיב לבי׃
33 Enstwi mwen, O SENYÈ, nan chemen règleman Ou yo e mwen va obsève li jiska lafen.
הורני יהוה דרך חקיך ואצרנה עקב׃
34 Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou. Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.
הבינני ואצרה תורתך ואשמרנה בכל לב׃
35 Fè m mache nan pa kòmandman Ou yo, paske sa fè kè m kontan.
הדריכני בנתיב מצותיך כי בו חפצתי׃
36 Enkline kè m a temwayaj Ou yo, e pa nan ranmase richès malonèt.
הט לבי אל עדותיך ואל אל בצע׃
37 Vire zye m pou yo pa gade vanite e fè m reprann mwen nan chemen Ou yo.
העבר עיני מראות שוא בדרכך חיני׃
38 Etabli pawòl Ou a Sèvitè Ou a, kon (sila) ki gen lakrent Ou.
הקם לעבדך אמרתך אשר ליראתך׃
39 Detounen lwen m repwòch Ou ke mwen krent anpil, paske òdonans Ou yo bon.
העבר חרפתי אשר יגרתי כי משפטיך טובים׃
40 Gade byen, mwen gen anpil anvi pou òdonans Ou yo! Fè m remonte nan ladwati Ou. VAV
הנה תאבתי לפקדיך בצדקתך חיני׃
41 Anplis, ke lanmou dous Ou a kapab rive kote mwen, O SENYÈ, sali Ou a selon pawòl Ou.
ויבאני חסדך יהוה תשועתך כאמרתך׃
42 Pou m kab genyen yon repons pou (sila) ki repwoche m nan, paske mwen mete konfyans mwen nan pawòl Ou.
ואענה חרפי דבר כי בטחתי בדברך׃
43 Pa retire pawòl verite a pou l ta kite bouch mwen nèt, Paske se òdonans Ou yo ke m ap tann.
ואל תצל מפי דבר אמת עד מאד כי למשפטך יחלתי׃
44 Konsa, mwen va kenbe lalwa Ou tout tan nèt, pou tout tan e pou tout tan.
ואשמרה תורתך תמיד לעולם ועד׃
45 Epi mwen va mache nan libète, paske se òdonans Ou ke m chache.
ואתהלכה ברחבה כי פקדיך דרשתי׃
46 Anplis, mwen va pale sou temwayaj Ou yo devan wa yo, e mwen p ap desi.
ואדברה בעדתיך נגד מלכים ולא אבוש׃
47 Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo, ke mwen tèlman renmen.
ואשתעשע במצותיך אשר אהבתי׃
48 Mwen va lonje men m vè kòmandman Ou yo ke m tèlman renmen. Mwen va reflechi tout tan sou règleman Ou yo. ZAYIN
ואשא כפי אל מצותיך אשר אהבתי ואשיחה בחקיך׃
49 Sonje pawòl a sèvitè Ou a. Se nan li Ou te fè m gen espwa a.
זכר דבר לעבדך על אשר יחלתני׃
50 Se sa ki ban m rekonfò nan mizè mwen an, paske se pawòl Ou ki fè m rekouvri fòs.
זאת נחמתי בעניי כי אמרתך חיתני׃
51 Moun awogan yo meprize m nèt, men mwen pa vire kite lalwa Ou.
זדים הליצני עד מאד מתורתך לא נטיתי׃
52 Mwen te sonje òdonans Ou yo depi nan tan ansyen, O SENYÈ, e yo rekonfòte mwen.
זכרתי משפטיך מעולם יהוה ואתנחם׃
53 Chalè endiyasyon gen tan pran m akoz mechan yo, ki abandone lalwa Ou.
זלעפה אחזתני מרשעים עזבי תורתך׃
54 Règleman Ou yo se chanson mwen nan kay kote m demere.
זמרות היו לי חקיך בבית מגורי׃
55 O SENYÈ, Mwen sonje non Ou nan lannwit e mwen kenbe lalwa Ou.
זכרתי בלילה שמך יהוה ואשמרה תורתך׃
56 Se sa ki chemen m, mwen kenbe tout òdonans Ou yo. HETH
זאת היתה לי כי פקדיך נצרתי׃
57 Se SENYÈ a ki pòsyon mwen. Mwen te fè pwomès pou kenbe pawòl Ou yo.
חלקי יהוה אמרתי לשמר דבריך׃
58 Mwen te chache favè Ou ak tout kè m. Fè m gras selon pawòl Ou.
חליתי פניך בכל לב חנני כאמרתך׃
59 Mwen te konsidere chemen mwen yo, e te vire pye m vè temwayaj Ou yo.
חשבתי דרכי ואשיבה רגלי אל עדתיך׃
60 Mwen te fè vit e mwen pa t fè reta pou obeyi kòmandman Ou yo.
חשתי ולא התמהמהתי לשמר מצותיך׃
61 Kòd a mechan yo te antoure m, men mwen pa t bliye lalwa Ou.
חבלי רשעים עודני תורתך לא שכחתי׃
62 A minwi, mwen va leve bay Ou remèsiman, akoz òdonans dwat Ou yo.
חצות לילה אקום להודות לך על משפטי צדקך׃
63 Mwen se zanmi parèy a tout (sila) ki gen lakrent Ou yo ak (sila) ki swiv règleman Ou yo.
חבר אני לכל אשר יראוך ולשמרי פקודיך׃
64 Latè ranpli ak lanmou dous Ou a, O SENYÈ. Enstwi m règleman Ou yo. TETH
חסדך יהוה מלאה הארץ חקיך למדני׃
65 Ou te aji ak sèvitè Ou a, O SENYÈ, selon pawòl Ou.
טוב עשית עם עבדך יהוה כדברך׃
66 Enstwi mwen pou m sèvi bon jijman ak konesans, Paske mwen kwè nan kòmandman Ou yo.
טוב טעם ודעת למדני כי במצותיך האמנתי׃
67 Avan mwen te aflije, mwen te mache nan wout egare, men koulye a, mwen swiv pawòl Ou.
טרם אענה אני שגג ועתה אמרתך שמרתי׃
68 Ou bon e Ou fè sa ki bon. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
טוב אתה ומטיב למדני חקיך׃
69 Awogan yo te fòje yon manti kont mwen. Avèk tout kè m, mwen va obsève tout òdonans Ou yo.
טפלו עלי שקר זדים אני בכל לב אצר פקודיך׃
70 Kè yo rèd, kouvri ak grès, men mwen pran plezi nan lalwa Ou.
טפש כחלב לבם אני תורתך שעשעתי׃
71 Li bon pou mwen ke m te aflije, pou m te kab aprann règleman Ou yo.
טוב לי כי עניתי למען אלמד חקיך׃
72 Lalwa bouch Ou pi bon pou mwen, pase pyès lò ak ajan pa milye. YODH
טוב לי תורת פיך מאלפי זהב וכסף׃
73 Men Ou te fè m e te fòme mwen. Ban m bon konprann pou m kab aprann kòmandman Ou yo.
ידיך עשוני ויכוננוני הבינני ואלמדה מצותיך׃
74 Ke (sila) ki krent Ou yo kapab wè m e fè kè kontan. Paske mwen mete espwa m pawòl Ou yo.
יראיך יראוני וישמחו כי לדברך יחלתי׃
75 Mwen konnen, O SENYÈ, ke jijman Ou yo dwat, ke se nan nan fidelite, Ou te aflije mwen.
ידעתי יהוה כי צדק משפטיך ואמונה עניתני׃
76 O ke lanmou dous Ou a kapab konsole mwen, Selon pawòl Ou a sèvitè Ou a.
יהי נא חסדך לנחמני כאמרתך לעבדך׃
77 Ke mizerikòd Ou kapab rive kote mwen, pou m kab viv, paske lalwa Ou se plezi mwen.
יבאוני רחמיך ואחיה כי תורתך שעשעי׃
78 Ke awogan yo kapab vin desi, paske yo desann mwen, ranvèse mwen ak manti. Men mwen va reflechi tout tan sou òdonans Ou yo.
יבשו זדים כי שקר עותוני אני אשיח בפקודיך׃
79 Ke (sila) ki krent Ou yo kapab vire kote mwen. Yo va konnen règleman Ou yo.
ישובו לי יראיך וידעו עדתיך׃
80 Ke kè m kapab san tò nan règleman Ou yo, pou m pa vin desi. KAPH
יהי לבי תמים בחקיך למען לא אבוש׃
81 Nanm mwen fè gwo anvi pou sali Ou. Se pawòl Ou m ap tann.
כלתה לתשועתך נפשי לדברך יחלתי׃
82 Zye m vin ba ak anvi pawòl Ou, pandan m ap di: “Kilè W ap vin konsole mwen?”
כלו עיני לאמרתך לאמר מתי תנחמני׃
83 Sepandan, mwen vin tankou yon vye kwi diven k ap pran lafimen, Mwen pa bliye règleman Ou yo.
כי הייתי כנאד בקיטור חקיך לא שכחתי׃
84 Konbyen jou sèvitè Ou gen? Se kilè Ou va pase jijman sou (sila) ki pèsekite mwen yo?
כמה ימי עבדך מתי תעשה ברדפי משפט׃
85 Awogan yo fin fouye fòs yo pou mwen, (Sila) ki pa an akò ak lalwa Ou yo.
כרו לי זדים שיחות אשר לא כתורתך׃
86 Tout kòmandman Ou yo fidèl. Se ak manti yo te pèsekite mwen. Fè m sekou!
כל מצותיך אמונה שקר רדפוני עזרני׃
87 Yo te prèske fin detwi m sou latè, Men pou mwen, mwen pa t kite òdonans Ou yo.
כמעט כלוני בארץ ואני לא עזבתי פקודיך׃
88 Fè m reprann mwen selon lanmou dous Ou a, Pou m kab kenbe temwayaj a bouch Ou yo. LAMEDH
כחסדך חיני ואשמרה עדות פיך׃
89 Jis pou tout tan, O SENYÈ, pawòl Ou fin etabli nan syèl la.
לעולם יהוה דברך נצב בשמים׃
90 Fidelite Ou pandan tout jenerasyon yo. Ou te etabli tè a e li vin kanpe nèt.
לדר ודר אמונתך כוננת ארץ ותעמד׃
91 Yo kanpe nan jou sa a selon lòd Ou. Paske tout bagay se sèvitè Ou.
למשפטיך עמדו היום כי הכל עבדיך׃
92 Si lalwa Ou pa t plezi mwen, mwen t ap gen tan peri nan mizè mwen an.
לולי תורתך שעשעי אז אבדתי בעניי׃
93 Mwen p ap janm bliye òdonans Ou yo, Paske se avèk yo menm ke Ou fè m reprann fòs.
לעולם לא אשכח פקודיך כי בם חייתני׃
94 Se pa W mwen ye. Fè m sekou! Paske mwen te chache òdonans Ou yo.
לך אני הושיעני כי פקודיך דרשתי׃
95 Mechan yo ap tann mwen pou detwi m. Se ak dilijans ke mwen konsidere temwayaj Ou yo.
לי קוו רשעים לאבדני עדתיך אתבונן׃
96 Mwen gen tan fin wè lizyè a tout pèfèksyon, men kòmandman Ou an vrèman vast. MEM
לכל תכלה ראיתי קץ רחבה מצותך מאד׃
97 O! A la mwen renmen lalwa Ou a! Se sou li ke m reflechi tout lajounen.
מה אהבתי תורתך כל היום היא שיחתי׃
98 Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo, Paske yo toujou pou mwen.
מאיבי תחכמני מצותך כי לעולם היא לי׃
99 Mwen vin gen plis konprann pase tout pwofesè mwen yo, Paske temwayaj Ou yo se meditasyon mwen.
מכל מלמדי השכלתי כי עדותיך שיחה לי׃
100 Mwen gen konprann plis pase granmoun yo, akoz mwen te swiv òdonans Ou yo.
מזקנים אתבונן כי פקודיך נצרתי׃
101 Mwen te anpeche pye m antre nan tout wout ki gen mechanste, Pou m te kab kenbe pawòl Ou.
מכל ארח רע כלאתי רגלי למען אשמר דברך׃
102 Mwen pa t vire kite règleman Ou yo, paske se Ou menm ki te enstwi m.
ממשפטיך לא סרתי כי אתה הורתני׃
103 A la pawòl Ou yo dous nan gou mwen! Wi, pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen!
מה נמלצו לחכי אמרתך מדבש לפי׃
104 Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann. Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo. NUN
מפקודיך אתבונן על כן שנאתי כל ארח שקר׃
105 Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e yon limyè nan pa pye mwen.
נר לרגלי דברך ואור לנתיבתי׃
106 Mwen te sèmante e mwen va konfime sa, Ke m va kenbe òdonans Ou yo.
נשבעתי ואקימה לשמר משפטי צדקך׃
107 Mwen vin aflije anpil, anpil; fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon pawòl Ou.
נעניתי עד מאד יהוה חיני כדברך׃
108 O aksepte ofrann bòn volonte a bouch mwen an, O SENYÈ, enstwi mwen nan òdonans Ou yo.
נדבות פי רצה נא יהוה ומשפטיך למדני׃
109 Lavi m tout tan nan men m, malgre, mwen pa bliye lalwa Ou a.
נפשי בכפי תמיד ותורתך לא שכחתי׃
110 Mechan yo te poze yon pèlen pou mwen, malgre, mwen pa t varye soti nan òdonans Ou yo.
נתנו רשעים פח לי ומפקודיך לא תעיתי׃
111 Mwen te eritye temwayaj Ou yo pou tout tan, paske se yo ki lajwa kè m.
נחלתי עדותיך לעולם כי ששון לבי המה׃
112 Mwen te enkline kè m pou fè règleman Ou yo jis pou tout tan, jiska lafen. SAMEKH
נטיתי לבי לעשות חקיך לעולם עקב׃
113 Mwen rayi moun ki gen de fas, men mwen renmen lalwa Ou a.
סעפים שנאתי ותורתך אהבתי׃
114 Ou se kote a pou m kache a ak boukliye mwen, Mwen ap mete espwa m nan pawòl Ou.
סתרי ומגני אתה לדברך יחלתי׃
115 Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv kòmandman a Bondye mwen yo.
סורו ממני מרעים ואצרה מצות אלהי׃
116 Soutni mwen selon pawòl Ou, pou m kab viv. Pa kite mwen vin wont nan espwa mwen.
סמכני כאמרתך ואחיה ואל תבישני משברי׃
117 Kenbe mwen pou m kab jwenn sekou, pou m gen konsiderasyon pou règleman Ou yo tout tan.
סעדני ואושעה ואשעה בחקיך תמיד׃
118 Ou te rejte tout (sila) ki te egare kite règleman Ou yo, paske sediksyon yo a pa reyisi.
סלית כל שוגים מחקיך כי שקר תרמיתם׃
119 Ou te fè tout mechan sou latè yo disparèt tankou kim initil. Pou sa, mwen renmen temwayaj Ou yo.
סגים השבת כל רשעי ארץ לכן אהבתי עדתיך׃
120 Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo. AYIN
סמר מפחדך בשרי וממשפטיך יראתי׃
121 Mwen te fè sa ki jis e dwat. Pa kite mwen nan men opresè mwen yo.
עשיתי משפט וצדק בל תניחני לעשקי׃
122 Aji kon soutyèn pou bonte a sèvitè Ou a. Pa kite awogan yo oprime mwen.
ערב עבדך לטוב אל יעשקני זדים׃
123 Zye m bese ak anvi wè delivrans Ou, avèk pawòl ladwati Ou.
עיני כלו לישועתך ולאמרת צדקך׃
124 Aji avèk sèvitè Ou selon lanmou dous Ou a e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
עשה עם עבדך כחסדך וחקיך למדני׃
125 Mwen se sèvitè Ou. Fè m konprann pou m konnen temwayaj Ou yo.
עבדך אני הבינני ואדעה עדתיך׃
126 Se lè pou Ou aji, SENYÈ, paske yo te vyole lalwa Ou a.
עת לעשות ליהוה הפרו תורתך׃
127 Pou sa, mwen renmen kòmandman Ou yo, plis pase lò, wi plis pase lò fen.
על כן אהבתי מצותיך מזהב ומפז׃
128 Pou sa, mwen konsidere byen tout òdonans Ou yo selon tout bagay. Mwen rayi tout sa ki fo. PE
על כן כל פקודי כל ישרתי כל ארח שקר שנאתי׃
129 Temwayaj Ou yo mèvèye. Akoz sa, nanm mwen toujou swiv yo.
פלאות עדותיך על כן נצרתם נפשי׃
130 Lè pawòl Ou antre, li bay limyè. Li bay bon konprann a (sila) ki senp yo.
פתח דבריך יאיר מבין פתיים׃
131 Mwen te louvri bouch mwen byen laj e te rale souf mwen byen vit. Se konsa mwen te gen anvi pou kòmandman Ou yo.
פי פערתי ואשאפה כי למצותיך יאבתי׃
132 Vire kote mwen e fè m gras, menm jan ke Ou konn fè ak (sila) ki renmen non Ou yo.
פנה אלי וחנני כמשפט לאהבי שמך׃
133 Byen etabli tout pa mwen yo nan pawòl Ou, e pa kite inikite vin domine sou mwen.
פעמי הכן באמרתך ואל תשלט בי כל און׃
134 Rachte mwen anba opresyon a lòm, pou m kab kenbe òdonans Ou yo.
פדני מעשק אדם ואשמרה פקודיך׃
135 Fè figi Ou klere sou sèvitè Ou a, e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
פניך האר בעבדך ולמדני את חקיך׃
136 Se rivyè dlo menm ki koule sòti nan zye m, akoz yo menm ki pa kenbe lalwa Ou a. TZADHE
פלגי מים ירדו עיני על לא שמרו תורתך׃
137 Oudwat, O SENYÈ e jis se jijman Ou yo.
צדיק אתה יהוה וישר משפטיך׃
138 Ou te kòmande tout temwayaj Ou yo ak ladwati. Yo fidèl nèt.
צוית צדק עדתיך ואמונה מאד׃
139 Zèl mwen fin manje m nèt, akoz advèsè mwen yo te bliye pawòl Ou yo.
צמתתני קנאתי כי שכחו דבריך צרי׃
140 Pawòl Ou san tach; akoz sa, sèvitè Ou a renmen yo anpil.
צרופה אמרתך מאד ועבדך אהבה׃
141 Mwen vin piti e meprize. Mwen pa janm bliye òdonans Ou yo.
צעיר אנכי ונבזה פקדיך לא שכחתי׃
142 Ladwati Ou se yon dwati ki jis pou tout tan e lalwa Ou se verite.
צדקתך צדק לעולם ותורתך אמת׃
143 Twoub ak doulè gen tan rive sou mwen. Malgre kòmandman Ou yo se plezi mwen.
צר ומצוק מצאוני מצותיך שעשעי׃
144 Temwayaj Ou yo dwat jis pou tout tan. Ban mwen bon konprann pou m kab viv. QOPH
צדק עדותיך לעולם הבינני ואחיה׃
145 Mwen te kriye ak tout kè mwen. Reponn mwen, O SENYÈ! Mwen va swiv tout règleman Ou yo.
קראתי בכל לב ענני יהוה חקיך אצרה׃
146 Mwen te kriye a Ou menm. Sove mwen! Mwen va obeyi tout regleman Ou yo.
קראתיך הושיעני ואשמרה עדתיך׃
147 Mwen leve avan solèy leve pou kriye pou sekou. Mwen ap tann pawòl Ou yo.
קדמתי בנשף ואשועה לדבריך יחלתי׃
148 Zye m rete ovèt pandan vè lanwit la, konsa, pou m kab reflechi san rete sou pawòl Ou.
קדמו עיני אשמרות לשיח באמרתך׃
149 Tande vwa m selon lanmou dous Ou a. Fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon règleman Ou yo.
קולי שמעה כחסדך יהוה כמשפטך חיני׃
150 (Sila) ki swiv mechanste yo apwoche. Yo lwen lalwa Ou a.
קרבו רדפי זמה מתורתך רחקו׃
151 Ou toupre, O SENYÈ e tout kòmandman Ou yo se verite.
קרוב אתה יהוה וכל מצותיך אמת׃
152 Depi nan tan ansyen yo, mwen te konnen de temwayaj Ou yo, ke Ou te etabli yo jis pou tout tan yo. RESH
קדם ידעתי מעדתיך כי לעולם יסדתם׃
153 Gade sou afliksyon mwen an e delivre m, paske mwen pa bliye lalwa Ou a.
ראה עניי וחלצני כי תורתך לא שכחתי׃
154 Plede kòz mwen e rachte mwen! Fè m reprann fòs mwen selon pawòl Ou.
ריבה ריבי וגאלני לאמרתך חיני׃
155 Sali a lwen mechan yo, paske yo pa chache règleman pa W yo.
רחוק מרשעים ישועה כי חקיך לא דרשו׃
156 Gran se mizerikòd Ou yo, O SENYÈ. Fè m reprann fòs mwen selon òdonans Ou yo.
רחמיך רבים יהוה כמשפטיך חיני׃
157 Anpil se pèsekitè mwen yo, ak advèsè mwen yo. Malgre mwen pa vire kite temwayaj Ou yo.
רבים רדפי וצרי מעדותיך לא נטיתי׃
158 Mwen gade moun trèt yo e mwen rayi yo nèt, akoz yo pa kenbe pawòl Ou.
ראיתי בגדים ואתקוטטה אשר אמרתך לא שמרו׃
159 Konsidere jan mwen renmen òdonans Ou yo. Fè m reprann fòs, O SENYÈ, selon lanmou dous Ou a.
ראה כי פקודיך אהבתי יהוה כחסדך חיני׃
160 Fòs Kantite tout pawòl Ou yo se verite, e tout règleman dwat Ou yo la jis pou tout tan. SIN AK SHIN
ראש דברך אמת ולעולם כל משפט צדקך׃
161 Prens yo pèsekite mwen san koz, men kè m kanpe etonnen devan pawòl Ou yo.
שרים רדפוני חנם ומדבריך פחד לבי׃
162 Mwen rejwi nan pawòl Ou kon yon moun ki jwenn gwo piyaj.
שש אנכי על אמרתך כמוצא שלל רב׃
163 Mwen rayi tankou bagay abominab, tout sa ki fo. Men lalwa Ou a, mwen renmen l nèt.
שקר שנאתי ואתעבה תורתך אהבתי׃
164 Sèt fwa pa jou mwen louwe Ou, akoz òdonans dwat Ou yo.
שבע ביום הללתיך על משפטי צדקך׃
165 (Sila) ki renmen lalwa Ou yo gen gwo lapè. Pa gen anyen pou ta fè yo chite.
שלום רב לאהבי תורתך ואין למו מכשול׃
166 Mwen espere gen Sali Ou, O SENYÈ. Mwen te fè kòmandman Ou yo.
שברתי לישועתך יהוה ומצותיך עשיתי׃
167 Nanm mwen kenbe temwayaj Ou yo. Mwen renmen yo anpil anpil.
שמרה נפשי עדתיך ואהבם מאד׃
168 Mwen kenbe òdonans Ou yo avèk temwayaj Ou yo, Paske se tout chemen mwen yo ki devan Ou. TAV
שמרתי פקודיך ועדתיך כי כל דרכי נגדך׃
169 Kite kri mwen vini devan Ou, O SENYÈ. Ban mwen konesans selon pawòl Ou.
תקרב רנתי לפניך יהוה כדברך הבינני׃
170 Kite siplikasyon mwen yo parèt devan Ou. Delivre mwen selon pawòl Ou.
תבוא תחנתי לפניך כאמרתך הצילני׃
171 Kite lèv mwen eksprime lwanj, paske Ou enstwi mwen nan règleman Ou yo.
תבענה שפתי תהלה כי תלמדני חקיך׃
172 Kite lang mwen chante de pawòl Ou, paske tout kòmandman Ou yo dwat.
תען לשוני אמרתך כי כל מצותיך צדק׃
173 Kite men Ou parèt pou fè m sekou, paske mwen te chwazi òdonans Ou yo.
תהי ידך לעזרני כי פקודיך בחרתי׃
174 Mwen anvi wè delivrans Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou se gran plezi mwen.
תאבתי לישועתך יהוה ותורתך שעשעי׃
175 Kite nanm mwen viv pou l kapab louwe Ou. Kite òdonans Ou yo ban m sekou.
תחי נפשי ותהללך ומשפטך יעזרני׃
176 Mwen te vin egare tankou yon mouton pèdi. Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.
תעיתי כשה אבד בקש עבדך כי מצותיך לא שכחתי׃

< Sòm 119 >