< Sòm 118 >

1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon. Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Хвалите Господа, јер је добар, јер је довека милост Његова.
2 O kite Israël di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan”.
Нека рече Израиљ да је довека милост Његова;
3 O kite lakay Aaron di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.”
Нека рече дом Аронов да је довека милост Његова;
4 O kite (sila) ki krent SENYÈ yo di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.”
Нека кажу сви који се боје Господа да је довека милост Његова.
5 Depi nan gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a; SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.
Из тескобе повиках ка Господу и услиши ме, изведе ме на пространо место Господ.
6 SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè. Kisa lòm kab fè m?
Господ је са мном, не бојим се; шта ће ми учинити човек?
7 SENYÈ a pou mwen pami (sila) ki ede mwen yo; Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan (sila) ki rayi mwen yo.
Господ ми је помоћник: слободно ћу гледати у непријатеље своје.
8 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a, pase pou mete konfyans nan lòm.
Боље је уздати се у Господа него ли се ослањати на човека;
9 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a, pase pou mete konfyans nan prens yo.
Боље је уздати се у Господа неголи се ослањати на кнезове.
10 Tout nasyon yo te antoure mwen. Nan non SENYÈ a, mwen te anverite, koupe retire yo nèt.
Сви ме народи опколише; али их у име Господње разбих.
11 Yo te antoure mwen, wi, yo te antoure mwen. Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.
Оптекоше, опколише ме; али их у име Господње разбих.
12 Yo te antoure mwen tankou myèl. Yo te efase nèt tankou dife nan bwa pikan. Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.
Опколише ме као пчеле саће, и угасише се као огањ у трњу: у име их Господње разбих.
13 Ou te pouse mwen ak vyolans jiskaske mwen t ap tonbe, Men SENYÈ a te fè m sekou.
Отиснуо си ме да паднем, али ме Господ прихвати.
14 SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen. Li te vin sali mwen.
Господ је хвала моја и песма; Он ми поста Спаситељ.
15 Son lajwa eklate ak delivrans nan tant a moun ki dwat yo. Men dwat a SENYÈ a se vanyan!
Глас радости и спасења чује се у колибама праведничким: "Десница Господња даје силу;
16 Men dwat a SENYÈ a leve wo! Men dwat a SENYÈ a se vanyan!
Десница Господња узвишује, десница Господња даје силу."
17 Mwen p ap mouri, men m ap viv, e mwen va pale sou zèv a SENYÈ yo.
Нећу умрети, него ћу жив бити, и казивати дела Господња.
18 SENYÈ a te korije m ak severite, men Li pa t lage mwen a lanmò.
Карајући покара ме Господ; али ме смрти не даде.
19 Ouvri pòtay ladwati yo pou mwen. Mwen va antre nan yo. Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a.
Отворите ми врата од правде, ући ћу на њих, славићу Господа.
20 Sa se pòtay SENYÈ a. Moun ladwati yo va antre ladann.
"Ево врата Господња, на која улазе праведници!"
21 Mwen va bay Ou remèsiman, paske Ou te reponn mwen, e Ou te vin sali mwen.
Хвалим Те, што си ме услишио, и постао ми Спаситељ.
22 Wòch ke (sila) ki t ap bati yo te refize a, gen tan vini wòch ang prensipal la.
Камен који одбацише зидари, поста глава од угла.
23 Sa fèt pa SENYÈ a. Li se yon mèvèy nan zye nou.
То би од Господа и дивно је у нашим очима.
24 Sa se jou ke SENYÈ a te fè. Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann.
Ево дан, који створи Господ! Радујмо се и веселимо се у њ!
25 O SENYÈ, sove nou koulye a, nou sipliye Ou! O SENYÈ, nou sipliye Ou, voye abondans!
О Господе, помози! О Господе, дај да буде у напредак!
26 Beni se (sila) ki vini nan non SENYÈ a! Nou te beni Ou depi lakay SENYÈ a.
Благословен који иде у име Господње! Благосиљамо вас из дома Господњег.
27 SENYÈ a se Bondye, e Li te bannou limyè. Mare sakrifis la ak kòd sou kòn lotèl yo.
Господ је Бог крепак, и Он нас обасја; жртву празничну, везану врпцама, водите к роговима жртвенику.
28 Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman; Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.
Ти си Бог мој, Тебе хвалим, Боже мој, Тебе узвишујем.
29 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon! Paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Хвалите Господа, јер је добар, јер је милост Његова довека.

< Sòm 118 >