< Sòm 115 >
1 Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou, men pou Non Ou glwa bay, akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou.
Not to us, O LORD, not to us, but to Your name be the glory, because of Your loving devotion, because of Your faithfulness.
2 Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo a ye koulye a?”
Why should the nations say, “Where is their God?”
3 Men Bondye nou an nan syèl yo. Li fè sa Li pito.
Our God is in heaven; He does as He pleases.
4 Zidòl yo se ajan ak lò, zèv men a lòm.
Their idols are silver and gold, made by the hands of men.
5 Yo gen bouch, men yo pa kab pale. Yo gen zye, men yo pa kab wè.
They have mouths, but cannot speak; they have eyes, but cannot see;
6 Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande. Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen.
they have ears, but cannot hear; they have noses, but cannot smell;
7 Yo gen men, men yo pa kab manyen. Yo gen pye, men yo pa kab mache. Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo.
they have hands, but cannot feel; they have feet, but cannot walk; they cannot even clear their throats.
8 (Sila) ki mete konfyans nan yo va tankou yo. Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo.
Those who make them become like them, as do all who trust in them.
9 O Israël, mete konfyans ou nan SENYÈ a! Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
O Israel, trust in the LORD! He is their help and shield.
10 O lakay Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a; Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
O house of Aaron, trust in the LORD! He is their help and shield.
11 Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a, mete konfyans nou nan SENYÈ a. Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo.
You who fear the LORD, trust in the LORD! He is their help and shield.
12 SENYÈ a te toujou sonje nou. Li va beni nou. Li va beni lakay Israël la. Li va beni lakay Aaron an.
The LORD is mindful of us; He will bless us. He will bless the house of Israel; He will bless the house of Aaron;
13 Li va beni (sila) ki krent SENYÈ yo, piti kon gran.
He will bless those who fear the LORD— small and great alike.
14 Ke SENYÈ a kab fè nou grandi plis, nou menm ak pitit nou yo.
May the LORD give you increase, both you and your children.
15 Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a, Kreyatè syèl la ak tè a.
May you be blessed by the LORD, the Maker of heaven and earth.
16 Syèl yo se Syèl SENYÈ a, Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo.
The highest heavens belong to the LORD, but the earth He has given to mankind.
17 Mò yo pa louwe SENYÈ a, ni (sila) ki desann antre nan silans yo.
It is not the dead who praise the LORD, nor any who descend into silence.
18 Men nou va beni SENYÈ a, soti nan moman sa a e rive jis pou tout tan. Louwe SENYÈ la!
But it is we who will bless the LORD, both now and forevermore. Hallelujah!