< Sòm 11 >

1 Pou direktè koral la; yon sòm David Se nan SENYÈ a ke m kache. Kijan ou kapab di a nanm mwen: “Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;
Psalmus David, in finem. In Domino confido: quomodo dicitis animae meae: Transmigra in montem sicut passer?
2 Paske, gade byen, mechan yo koube banza, Yo fè flèch yo parèt sou kòd la, pou tire nan fènwa sou (sila) ak kè ki dwat yo.
Quoniam ecce peccatores intenderunt arcum, paraverunt sagittas suas in pharetra, ut sagittent in obscuro rectos corde.
3 Si fondasyon yo vin detwi, se kisa moun dwat yo kab fè?”
Quoniam quae perfecisti, destruxerunt: iustus autem quid fecit?
4 SENYÈ a nan sen tanp Li an. SENYÈ a sou twon Li nan syèl la. Zye Li veye. Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.
Dominus in templo sancto suo, Dominus in caelo sedes eius: Oculi eius in pauperem respiciunt: palpebrae eius interrogant filios hominum.
5 SENYÈ a sonde (sila) ki jis yo avèk (sila) ki mechan yo; men (sila) ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.
Dominus interrogat iustum et impium: qui autem diligit iniquitatem, odit animam suam.
6 Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli; dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.
Pluet super peccatores laqueos: ignis, et sulphur, et spiritus procellarum pars calicis eorum.
7 Paske Bondye dwat. Li renmen ladwati. (Sila) ki kanpe dwat yo va wè figi Li.
Quoniam iustus Dominus et iustitias dilexit: aequitatem vidit vultus eius.

< Sòm 11 >