< Sòm 107 >

1 O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.
Pris Herren, for han er god, hans miskunnhet varer evindelig.
2 Kite rachte a SENYÈ yo pale: “Se sa!” (Sila) ke Li fin rachte soti nan men advèsè a,
Så sie Herrens gjenløste, de som han har gjenløst av nødens hånd,
3 e te ranmase soti nan peyi yo, soti nan lès e soti nan lwès, soti nan nò e soti nan sid.
og som han har samlet fra landene, fra øst og fra vest, fra nord og fra havet.
4 Yo te mache egare nan dezè yo. Yo pa t jwenn yon vil pou yo ta rete.
De fór vill i ørkenen, i et uveisomt øde, de fant ikke en by å bo i.
5 Yo te grangou ak swaf. Nanm yo te fennen anndan yo.
De var hungrige og tørste, deres sjel vansmektet i dem.
6 Yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran twoub yo, Konsa, Li te delivre yo sòti nan twoub yo.
Da ropte de til Herren i sin nød; av deres trengsler utfridde han dem,
7 Anplis, Li te mennen yo pa yon chemen dwat, pou rive nan yon vil ki deja etabli ak moun ladann.
og han førte dem på rett vei, så de gikk til en by de kunde bo i.
8 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a, pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
De skal prise Herren for hans miskunnhet og for hans undergjerninger mot menneskenes barn;
9 Paske Li te satisfè nanm swaf la, e nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.
for han mettet den vansmektende sjel og fylte den hungrige sjel med godt.
10 Te gen (sila) ki te viv nan tenèb yo ak nan lonbraj lanmò yo, Prizonye yo nan mizè ak chenn yo,
De satt i mørke og i dødsskygge, bundet i elendighet og jern,
11 akoz yo te fè rebèl kont pawòl Bondye a, e te meprize konsèy a Pi Wo a.
fordi de hadde vært gjenstridige mot Guds ord og foraktet den Høiestes råd.
12 Akoz sa, Li te imilye kè yo ak travay fòse. Yo te chape tonbe e pa t gen moun ki pou bay yo sekou.
Derfor bøide han deres hjerter ved lidelse; de snublet, og det var ikke nogen hjelper.
13 Epi nan gwo pwoblèm yo, yo te rele fò a SENYÈ a. Li te delivre yo sòti nan gwo twoub yo.
Da ropte de til Herren i sin nød; av deres trengsler frelste han dem.
14 Li te mennen yo sòti nan tenèb la, nan lonbraj lanmò a, e te kase chire kòd li yo.
Han førte dem ut av mørke og dødsskygge og rev sønder deres bånd.
15 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou Lanmou dous Li a ak pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
De skal prise Herren for hans miskunnhet og for hans undergjerninger mot menneskenes barn;
16 Paske Li te kraze pòtay an bwonz yo, e te koupe ba fè yo.
for han brøt sønder porter av kobber og hugg sønder bommer av jern.
17 Yo te vin fou nèt nan rebelyon yo e akoz inikite yo, yo te aflije.
De var dårer og blev plaget for sin syndige vei og for sine misgjerninger;
18 Nanm yo te rayi tout kalite manje e yo te rive toupre pòtay lanmò yo.
deres sjel vemmedes ved all mat, og de kom nær til dødens porter.
19 Konsa yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran mizè yo, e Li te sove yo sòti nan gwo pwoblèm yo.
Da ropte de til Herren i sin nød; av deres trengsler frelste han dem.
20 Li te voye pawòl Li pou te geri yo, pou te delivre yo sòti nan destriksyon yo.
Han sendte sitt ord og helbredet dem og reddet dem fra deres graver.
21 Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a, ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
De skal prise Herren for hans miskunnhet og for hans undergjerninger mot menneskenes barn;
22 Anplis, kite yo ofri sakrifis a remèsiman yo e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.
og ofre takkoffere og fortelle om hans gjerninger med jubel.
23 (Sila) ki desann bò kote lanmè nan bato yo, ki fè komès sou gwo dlo yo,
De som fór ut på havet i skib, som drev handel på store vann,
24 yo te konn wè zèv SENYÈ yo, avèk mèvèy Li yo nan gran fon an.
de så Herrens gjerninger og hans underverker på dypet.
25 Paske Li te pale e fè leve yon gwo van tanpèt, ki te fè leve gwo vag lanmè yo.
Han bød og lot det komme en stormvind, og den reiste dets bølger.
26 Yo te leve jis rive nan syèl yo e te desann jis rive nan fon yo. Nanm yo te fann avèk mizè.
De fór op imot himmelen, de fór ned i avgrunnene, deres sjel blev motløs i ulykken.
27 Yo te gaye, bite tankou moun sou. Yo te fin about nèt.
De tumlet og vaklet som en drukken mann, og all deres visdom blev til intet.
28 Yo te kriye a Bondye nan mizè yo, e Li te mennen yo sòti nan twoub yo.
Da ropte de til Herren i sin nød, og av deres trengsler førte han dem ut.
29 Li te fè tanpèt la vin kalm, jiskaske vag lanmè yo te vin kalm.
Han lot stormen bli til stille, og bølgene omkring dem tidde.
30 Konsa, yo te kontan akoz yo te kalme, e Li te gide yo pou rive nan pò ke yo te pito a.
Og de gledet sig over at de la sig; og han førte dem til den havn de ønsket.
31 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a, pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
De skal prise Herren for hans miskunnhet og for hans undergjerninger mot menneskenes barn
32 Kite yo leve L wo, anplis, nan asanble a pèp la, e beni Li nan asanble ansyen yo.
og ophøie ham i folkets forsamling og love ham der hvor de gamle sitter.
33 Li chanje rivyè yo vin tounen dezè, e sous dlo yo an tè deseche.
Han gjorde elver til en ørken og vannkilder til et tørstig land,
34 Yon tè fètil vin tounen savann tè sale, akoz mechanste a (sila) ki rete ladann yo.
et fruktbart land til et saltland for deres ondskaps skyld som bodde der.
35 Li chanje dezè a vin tounen gwo sous dlo, e tè deseche a an sous k ap koule.
Han gjorde en ørken til en vannrik sjø og et tørt land til vannkilder.
36 Epi la, li fè moun grangou yo vin rete, pou yo vin etabli yon vil ki plen moun,
Og han lot de hungrige bo der, og de grunnla en by til å bo i.
37 pou yo ka plante chan yo, plante chan rezen yo, e ranmase yon gwo rekòlt.
Og de tilsådde akrer og plantet vingårder, og de vant den frukt de bar.
38 Anplis, Li beni yo! Yo miltipliye anpil, e li pa kite bèt chan pa yo bese.
Og han velsignet dem, og de blev meget tallrike, og av fe gav han dem ikke lite.
39 Lè yo vin febli, koube nèt, akoz opresyon avèk mizè ak tristès,
Så minket de igjen og blev nedbøiet ved trengsel, ulykke og sorg.
40 Li vide wont sou prens yo e fè yo vin mache egare nan yon savann ki san chemen.
Han som utøser forakt over fyrster og lar dem fare vill i et uveisomt øde,
41 Men Li fè malere a chita wo ansekirite, byen lwen tout afliksyon, e fè fanmi li yo byen pwoteje kon yon twoupo.
han ophøiet den fattige av elendighet og gjorde slektene som hjorden.
42 Moun dwat yo wè l e yo kontan. Men tout mechan yo fèmen bouch yo.
De opriktige ser det og gleder sig, og all ondskap lukker sin munn.
43 Se kilès ki saj? Kite li bay atansyon a bagay sa yo e konsidere lanmou dous SENYÈ a.
Den som er vis, han akte på dette og merke på Herrens nådegjerninger!

< Sòm 107 >