< Sòm 106 >
1 Louwe SENYÈ la! O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon, paske lanmou dous Li an se pou tout tan.
你们要赞美耶和华! 要称谢耶和华,因他本为善; 他的慈爱永远长存!
2 Se kilès ki kab pale sou zèv pwisan a SENYÈ yo, Oswa fè vin parèt tout lwanj Li yo?
谁能传说耶和华的大能? 谁能表明他一切的美德?
3 A la beni (sila) ki kenbe jistis yo beni. Beni se (sila) ki pratike ladwati nan tout tan yo!
凡遵守公平、常行公义的, 这人便为有福!
4 Sonje mwen, O SENYÈ, nan favè Ou anvè pèp Ou a. Vizite mwen avèk sali Ou,
耶和华啊,你用恩惠待你的百姓; 求你也用这恩惠记念我,开你的救恩眷顾我,
5 pou m kab wè (sila) ke Ou te chwazi yo byen reyisi; pou m kab rejwi nan kè kontan a nasyon Ou an, pou m ka bay glwa de eritaj Ou.
使我见你选民的福, 乐你国民的乐, 与你的产业一同夸耀。
6 Nou te peche menm jan ak papa zansèt nou yo. Nou te fè inikite; nou te aji mal.
我们与我们的祖宗一同犯罪; 我们作了孽,行了恶。
7 Papa zansèt nou yo an Égypte pa t konprann mèvèy Ou yo. Yo pa t sonje lamou dous Ou, men yo te fè rebèl bò lanmè a, nan Lanmè Wouj la.
我们的祖宗在埃及不明白你的奇事, 不记念你丰盛的慈爱, 反倒在红海行了悖逆。
8 Sepandan, Li te sove yo pou koz non Li, pou L te kab fè pwisans Li rekonèt.
然而,他因自己的名拯救他们, 为要彰显他的大能,
9 Konsa, Li te repwoche Lanmè Wouj, e li te vin sèch, Li te mennen yo pase nan fon yo, menm jan yo te pase nan dezè a.
并且斥责红海,海便干了; 他带领他们经过深处,如同经过旷野。
10 Konsa, Li te sove yo depi nan men a (sila) ki te rayi yo, e te rachte yo soti nan men a lènmi an.
他拯救他们脱离恨他们人的手, 从仇敌手中救赎他们。
11 Dlo yo te kouvri advèsè yo. Nanpwen nan yo ki te rete.
水淹没他们的敌人, 没有一个存留。
12 Nan lè sa a, yo te kwè nan pawòl Li yo. Yo te chante lwanj Li.
那时,他们才信了他的话, 歌唱赞美他。
13 Men byen vit, yo te bliye zèv Li yo. Yo pa t tann konsèy Li,
等不多时,他们就忘了他的作为, 不仰望他的指教,
14 men yo te vin gen gwo anvi nan savann nan, e te pase Bondye a leprèv nan dezè a.
反倒在旷野大起欲心, 在荒地试探 神。
15 Pou sa, Li te ba yo sa yo te mande a, men te voye yon maladi epwizan pami yo.
他将他们所求的赐给他们, 却使他们的心灵软弱。
16 Yo te vin jalou a Moïse nan kan an, ak Aaron, fidèl sen a SENYÈ a.
他们又在营中嫉妒摩西 和耶和华的圣者亚伦。
17 Akòz sa a, tè la te louvri vale Dathan, epi te anglouti tout konpanyen Abiram yo.
地裂开,吞下大坍, 掩盖亚比兰一党的人。
18 Konsa, yon gwo dife te vin monte nan mitan konpanyen yo. Flanm nan te manje mechan yo.
有火在他们的党中发起; 有火焰烧毁了恶人。
19 Yo te fè yon jèn bèf nan Horeb. Yo te adore yon imaj fonn.
他们在何烈山造了牛犊, 叩拜铸成的像。
20 Yo te fè echanj glwa yo pou imaj a yon bèf ki manje zèb.
如此将他们荣耀的主 换为吃草之牛的像,
21 Yo te bliye Bondye, sovè yo a, ki te fè gwo bagay an Égypte yo,
忘了 神—他们的救主; 他曾在埃及行大事,
22 mèvèy nan peyi Cham yo, ak bagay mèvèy bò Lanmè Wouj la.
在含地行奇事, 在红海行可畏的事。
23 Akoz sa, Li te di Li ta detwi yo, men se te Moïse ki te kanpe nan brèch la devan Li, pou detounen kòlè Li pou l pa t detwi yo.
所以,他说要灭绝他们; 若非有他所拣选的摩西站在当中, 使他的忿怒转消, 恐怕他就灭绝他们。
24 Alò, yo te meprize bèl peyi a. Yo pa t kwè nan pawòl Li,
他们又藐视那美地, 不信他的话,
25 men te plenyen nan tant yo. Yo pa t koute vwa SENYÈ a.
在自己帐棚内发怨言, 不听耶和华的声音。
26 Akoz sa, Li te sèmante a yo ke Li ta jete yo nan dezè a,
所以,他对他们起誓: 必叫他们倒在旷野,
27 ke Li ta voye desandan yo pami nasyon yo, e gaye yo nan peyi yo.
叫他们的后裔倒在列国之中, 分散在各地。
28 Yo te vin jwenn yo menm, anplis, ak Baal-Peor, pou manje sakrifis ki te ofri a mò yo.
他们又与巴力·毗珥连合, 且吃了祭死神的物。
29 Konsa, yo te pwovoke Li a lakòlè ak zèv yo. E yon epidemi te kase vin parèt nan mitan yo.
他们这样行,惹耶和华发怒, 便有瘟疫流行在他们中间。
30 Epi Phinées te kanpe pou te entèsede, epi epidemi an te vin sispann.
那时,非尼哈站起,刑罚恶人, 瘟疫这才止息。
31 Sa a te konte a li menm kon ladwati, pou tout jenerasyon yo jis pou tout tan.
那就算为他的义, 世世代代,直到永远。
32 Anplis, yo te pwovoke Li a lakòlè bò dlo Meriba yo, Jiskaske sa te sòti byen mal pou Moïse sou kont yo.
他们在米利巴水又叫耶和华发怒, 甚至摩西也受了亏损,
33 Akoz yo te fè rebèl kont Lespri Li a, Li te pale san reflechi avèk lèv li.
是因他们惹动他的灵, 摩西用嘴说了急躁的话。
34 Yo pa t detwi lòt pèp yo, jan SENYÈ a te kòmande yo a,
他们不照耶和华所吩咐的 灭绝外邦人,
35 men yo te fè melanj ak nasyon yo. Yo te aprann abitid yo.
反与他们混杂相合, 学习他们的行为,
36 Yo te sèvi zidòl yo, ki te devni yon pèlen pou yo.
事奉他们的偶像, 这就成了自己的网罗,
37 Se te menm pwòp fi ak fis yo ke yo ofri kon sakrifis a dyab yo.
把自己的儿女祭祀鬼魔,
38 Yo te vèse san inosan, san a pwop fis ak fi yo, ke yo te bay kon sakrifis a zidòl Canaan yo. Peyi a te kontamine nèt ak san.
流无辜人的血, 就是自己儿女的血, 把他们祭祀迦南的偶像, 那地就被血污秽了。
39 Konsa, yo te vin pa pwòp nan abitid yo, e te jwe pwostitiye nan zèv yo.
这样,他们被自己所做的污秽了, 在行为上犯了邪淫。
40 Akoz sa, kòlè SENYÈ a te limen kont pèp Li a. Li te vin rayi eritaj Li a.
所以,耶和华的怒气向他的百姓发作, 憎恶他的产业,
41 Konsa, Li te bay yo nan men a nasyon yo, pou (sila) ki te rayi yo vin renye sou yo.
将他们交在外邦人的手里; 恨他们的人就辖制他们。
42 Lènmi yo, anplis, te oprime yo, e yo te oblije soumèt anba pouvwa yo.
他们的仇敌也欺压他们, 他们就伏在敌人手下。
43 Anpil fwa, Li te delivre yo. Malgre, yo menm te plen rebelyon nan konsèy yo, e te plonje desann nan inikite yo.
他屡次搭救他们, 他们却设谋背逆, 因自己的罪孽降为卑下。
44 Sepandan, Li te gade twoub yo lè Li te tande kri yo.
然而,他听见他们哀告的时候, 就眷顾他们的急难,
45 Li te vin sonje akò Li pou koz yo menm, e te vin ralanti selon grandè lanmou dous Li a.
为他们记念他的约, 照他丰盛的慈爱后悔。
46 Anplis, Li te fè yo resevwa mizerikòd Li, menm nan men a tout nasyon ki te fè yo prizonye yo.
他也使他们在凡掳掠他们的人面前蒙怜恤。
47 Sove nou, O SENYÈ, Bondye nou an. Ranmase nou pami nasyon yo, pou bay remèsiman a non sen Ou an, avèk viktwa ki sòti nan lwanj Ou yo.
耶和华—我们的 神啊,求你拯救我们, 从外邦中招聚我们, 我们好称赞你的圣名, 以赞美你为夸胜。
48 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, pou tout tan jis pou tout tan. Kite tout pèp la di: “Amen.” Louwe SENYÈ a!
耶和华—以色列的 神是应当称颂的, 从亘古直到永远。 愿众民都说:阿们! 你们要赞美耶和华!