< Sòm 104 >
1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen! O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran. Ou abiye avèk bèlte ak majeste.
我的心哪,你要称颂耶和华! 耶和华—我的 神啊,你为至大! 你以尊荣威严为衣服,
2 Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto. Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.
披上亮光,如披外袍, 铺张穹苍,如铺幔子,
3 Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo. Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li. Li mache sou zèl van an.
在水中立楼阁的栋梁, 用云彩为车辇, 借着风的翅膀而行,
4 Li fè van yo vin mesaje Li. Flanm dife yo se minis Li.
以风为使者, 以火焰为仆役,
5 Li te etabli tè a sou pwòp fondasyon li, pou l pa varye pou tout tan ni pou tout tan.
将地立在根基上, 使地永不动摇。
6 Ou te kouvri li avèk fon an tankou yon vètman. Dlo yo te kanpe anwo mòn yo.
你用深水遮盖地面,犹如衣裳; 诸水高过山岭。
7 Ak repwòch Ou, yo te sove ale. Lè vwa Ou te sone, yo te kouri ale.
你的斥责一发,水便奔逃; 你的雷声一发,水便奔流。
8 Mòn yo te leve, vale yo te vin fon nan plas ke Ou te kòmande pou yo a.
诸山升上,诸谷沉下, 归你为它所安定之地。
9 Ou te plase yon limit pou dlo yo pa ta depase, pou yo pa retounen kouvri tè a.
你定了界限,使水不能过去, 不再转回遮盖地面。
10 Li fè sous yo vin koule nan vale yo. Yo koule antre mòn yo.
耶和华使泉源涌在山谷, 流在山间,
11 Yo bay dlo pou bwè a tout bèt chan yo. Bourik mawon yo bwè pou satisfè swaf yo.
使野地的走兽有水喝, 野驴得解其渴。
12 Akote yo, zwazo syèl yo va poze kay. Yo va leve vwa yo pami branch bwa yo.
天上的飞鸟在水旁住宿, 在树枝上啼叫。
13 Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo. Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.
他从楼阁中浇灌山岭; 因他作为的功效,地就丰足。
14 Li fè zèb grandi pou bèt yo e vèdi pou zèv a lòm nan, pou li kab fè manje sòti nan tè a,
他使草生长,给六畜吃, 使菜蔬发长,供给人用, 使人从地里能得食物,
15 e diven ki fè kè a lòm kontan an, pou li kab fè figi li klere ak lwil, ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.
又得酒能悦人心, 得油能润人面, 得粮能养人心。
16 Pyebwa a SENYÈ yo bwè dlo jiskaske yo plen, pye sèd Liban ke Li te plante yo,
佳美的树木,就是黎巴嫩的香柏树, 是耶和华所栽种的,都满了汁浆。
17 kote zwazo yo fè nich yo. Sigòy ki fè kay li nan pye sipre yo.
雀鸟在其上搭窝; 至于鹤,松树是它的房屋。
18 Mòn wo yo se pou kabrit mawon yo. Gwo falèz yo se yon kote pou daman yo kache.
高山为野山羊的住所; 岩石为沙番的藏处。
19 Li te fè lalin nan pou sezon yo. Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.
你安置月亮为定节令; 日头自知沉落。
20 Ou te chwazi tenèb la e li te devni lannwit, pou tout bèt forè yo mache toupatou.
你造黑暗为夜, 林中的百兽就都爬出来。
21 Jenn lyon yo rele fò dèyè viktim yo, e chache manje yo nan men Bondye.
少壮狮子吼叫,要抓食, 向 神寻求食物。
22 Solèy la vin leve. Yo retire yo pou ale kouche nan tanyè yo.
日头一出,兽便躲避, 卧在洞里。
23 Lòm ale fè travay li. Li fè fòs jis lannwit rive.
人出去做工, 劳碌直到晚上。
24 O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil! Nan sajès, Ou te fè tout bagay. Latè ranpli ak byen Ou yo.
耶和华啊,你所造的何其多! 都是你用智慧造成的; 遍地满了你的丰富。
25 Genyen lanmè, gran e vast. Ladann, gen gwo ekip pwason ki pa kab menm konte gwo bèt, kòn ti bèt.
那里有海,又大又广; 其中有无数的动物, 大小活物都有。
26 Genyen gwo bato k ap pase ladann, ak levyatan ke Ou te fòme pou fè spò ladann nan.
那里有船行走, 有你所造的鳄鱼游泳在其中。
27 Yo tout ap tann Ou pou bay yo manje nan lè yo.
这都仰望你按时给它食物。
28 Ou bay yo, e yo ranmase li. Ou ouvri men Ou, e yo satisfè ak bonte.
你给它们,它们便拾起来; 你张手,它们饱得美食。
29 Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt. Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.
你掩面,它们便惊惶; 你收回它们的气,它们就死亡,归于尘土。
30 Ou voye Lespri Ou deyò; yo vin kreye. Konsa, Ou renouvle fas tè a.
你发出你的灵,它们便受造; 你使地面更换为新。
31 Kite glwa SENYÈ a dire jis pou tout tan. Kite SENYÈ a rejwi nan zèv Li yo.
愿耶和华的荣耀存到永远! 愿耶和华喜悦自己所造的!
32 Li gade tè a e tè a vin tranble. Li touche mòn yo e yo fè lafimen.
他看地,地便震动; 他摸山,山就冒烟。
33 Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv. Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.
我要一生向耶和华唱诗! 我还活的时候,要向我 神歌颂!
34 Kite refleksyon mwen yo fè L plezi. Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.
愿他以我的默念为甘甜! 我要因耶和华欢喜!
35 Kite pechè yo vin disparèt sou tè a, E mechan yo vin pa la ankò. Beni SENYÈ a, O nanm mwen. Bay SENYÈ a lwanj!
愿罪人从世上消灭! 愿恶人归于无有! 我的心哪,要称颂耶和华! 你们要赞美耶和华!