< Sòm 103 >
1 Yon Sòm David Beni SENYÈ a, O nanm mwen! Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!
Psaume de David. Mon âme, bénis l'Éternel, et que tout ce qui est en moi bénisse son saint nom!
2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen, e pa janm bliye benefis Li yo,
Mon âme, bénis l'Éternel, et n'oublie aucun de ses bienfaits!
3 ki padone tout inikite ou yo, ki geri tout maladi ou yo,
C'est lui qui pardonne toutes tes iniquités; qui guérit toutes tes infirmités;
4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la, ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk mizerikòd;
Qui retire ta vie de la fosse; qui te couronne de bonté et de compassion;
5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay, Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.
Qui rassasie ta bouche de biens, tellement que ta jeunesse est renouvelée comme celle de l'aigle.
6 SENYÈ a fè zèv ladwati pou tout (sila) ki oprime yo.
L'Éternel fait justice et droit à tous ceux qui sont opprimés.
7 Li te fè chemen Li yo byen klè a Moïse, zèv Li yo a fis Israël yo.
Il a fait connaître ses voies à Moïse, et ses exploits aux enfants d'Israël.
8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras, lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.
L'Éternel est compatissant et miséricordieux; lent à la colère et abondant en grâce.
9 Li p ap toujou goumen ak nou, ni Li p ap kenbe kòlè Li jis pou tout tan.
Il ne conteste pas à perpétuité, et ne garde pas sa colère à toujours.
10 Li pa t aji avèk nou selon peche nou yo, ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.
Il ne nous a pas fait selon nos péchés, et ne nous a pas rendu selon nos iniquités.
11 Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a, menm jan an lanmou dous Li a ye anvè (sila) ki krent Li yo.
Car autant les cieux sont élevés au-dessus de la terre, autant sa bonté est grande sur ceux qui le craignent.
12 Menm jan lès lwen lwès la, Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.
Il a éloigné de nous nos iniquités, autant que l'orient est éloigné de l'occident.
13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo, se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou (sila) ki krent Li yo.
Comme un père est ému de compassion envers ses enfants, l'Éternel est ému de compassion envers ceux qui le craignent.
14 Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt. Li sonje byen ke nou pa plis ke pousyè.
Car il connaît de quoi nous sommes faits, il se souvient que nous ne sommes que poussière.
15 Men pou lòm, jou li yo se tankou zèb. Tankou yon flè nan chan, se konsa li fleri.
Les jours de l'homme sont comme l'herbe; il fleurit comme la fleur des champs.
16 Depi van fin pase sou li, li pa la ankò e plas li a pa rekonèt li ankò.
Car le vent ayant passé dessus, elle n'est plus, et son lieu ne la reconnaît plus.
17 Men lanmou dous a SENYÈ a, soti pou tout tan jis rive pou tout tan sou (sila) ki gen lakrent Li yo e ladwati Li a pitit pitit li yo,
Mais la bonté de l'Éternel est de tout temps et à toujours sur ceux qui le craignent, et sa justice pour les enfants de leurs enfants,
18 pou (sila) ki kenbe akò Li yo, e sonje règleman Li yo pou fè yo.
Pour ceux qui gardent son alliance et se souviennent de ses commandements pour les accomplir.
19 SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl la e souverènte li regne sou tout bagay.
L'Éternel a établi son trône dans les cieux, et son règne a la domination sur tout.
20 Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo, pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li, ki obeyisan a vwa pawòl Li!
Bénissez l'Éternel, vous ses anges puissants en force, qui exécutez son commandement en obéissant à la voix de sa parole!
21 Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo, nou menm ki sèvi Li nan fè volonte Li.
Bénissez l'Éternel, vous toutes ses armées, qui êtes ses serviteurs, et qui faites sa volonté!
22 Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo, nan tout kote nan wayòm Li an. Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Bénissez l'Éternel, vous toutes ses œuvres, dans tous les lieux de son empire! Mon âme, bénis l'Éternel!