< Sòm 102 >

1 Koute lapriyè mwen, O SENYÈ! Epi kite kri sekou mwen rive bò kote Ou.
ヱホバよわが祈をききたまへ 願くはわが號呼のこゑの御前にいたらんことを
2 Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an; Panche zòrèy Ou bò kote m. Nan jou ke m rele Ou a, reponn mwen vit.
わが窮苦の日みかほを蔽ひたまふなかれ なんぢの耳をわれにかたぶけ 我がよぶ日にすみやかに我にこたへたまへ
3 Paske jou m yo te manje nèt nan lafimen, e zo m te chofe tankou yon chemine.
わがもろもろの日は煙のごとくきえ わが骨はたきぎのごとく焚るるなり
4 Kè m fin frape tankou zèb. Li fennen nèt. Anverite, mwen bliye manje pen mwen.
わがこころは草のごとく撃れてしほれたり われ糧をくらふを忘れしによる
5 Akoz gwo bri kri mwen yo, zo m yo kole sou chè m.
わが歎息のこゑによりてわが骨はわが肉につく
6 Mwen sanble ak yon grangozye nan dezè. Mwen tankou yon frize nan gran savann.
われは野の鸅鸕のごとく荒たる跡のふくろふのごとくになりぬ
7 Mwen kouche zye tou louvri. Mwen tankou yon zwazo izole sou twati kay la.
われ醒てねぶらず ただ友なくして屋蓋にをる雀のごとくなれり
8 Lènmi m yo repwoche m tout lajounen. (Sila) ki moke m yo sèvi ak non mwen kon madichon.
わが仇はひねもす我をそしる 猖狂ひて我をせむるもの我をさして誓ふ
9 Paske mwen te manje sann kon pen e mele bwason m ak dlo zye m,
われは糧をくらふごとくに灰をくらひ わが飮ものには涙をまじへたり
10 akoz endiyasyon avèk kòlè Ou. Ou te leve m wo e te jete m lwen.
こは皆なんぢの怒と忿恚とによりてなり なんぢ我をもたげてなげすて給へり
11 Jou m yo tankou yon lonbraj ki vin long. Mwen vin fennen tankou zèb.
わが齡はかたぶける日影のごとし またわれは草のごとく萎れたり
12 Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tan E non Ou jis a tout jenerasyon yo.
されどヱホバよなんぢは永遠にながらへ その名はよろづ世にながらへん
13 Ou va leve pou fè pitye sou Sion, paske se lè pou fè li gras. Lè apwente a fin rive l.
なんぢ起てシオンをあはれみたまはん そはシオンに恩惠をほどこしたまふときなり そのさだまれる期すでに來れり
14 Anverite, sèvitè Ou yo twouve plezi nan wòch li yo. Yo plen tristès akoz pousyè li.
なんぢの僕はシオンの石をもよろこび その塵をさへ愛しむ
15 Pou sa, nasyon yo va krent non SENYÈ a, e tout wa latè yo va krent glwa Ou.
もろもろの國はヱホバの名をおそれ 地のもろもろの王はその榮光をおそれん
16 Paske se SENYÈ a ki te ranfòse Sion. Li te parèt nan glwa Li.
ヱホバはシオンをきづき榮光をもてあらはれたまへり
17 Li te prete atansyon a lapriyè malere yo, e pa t meprize priyè yo.
ヱホバは乏しきものの祈をかへりみ彼等のいのりを藐しめたまはざりき
18 Sa va ekri pou jenerasyon k ap vini an. Pou yon pèp ki poko kreye kapab bay lwanj a SENYÈ a.
來らんとするのちの世のためにこの事をしるさん 新しくつくられたる民はヤハをほめたたふべし
19 Li te gade anba soti nan wotè sen Li an. Soti nan syèl la, SENYÈ a te veye sou latè,
ヱホバその聖所のたかき所よりみおろし天より地をみたまへり
20 pou tande vwa plenyen a prizonye a, pou mete an libète (sila) ki te kondane a lanmò yo,
こは俘囚のなげきをきき死にさだまれる者をときはなち
21 Pou lezòm ta kab pale sou non SENYÈ a nan Sion, e bay lwanj Li nan Jérusalem,
人々のシオンにてヱホバの名をあらはしヱルサレムにてその頌美をあらはさんが爲なり
22 pandan pèp yo rasanble ansanm ak wayòm yo, pou sèvi SENYÈ a.
かかる時にもろもろの民もろもろの國つどひあつまりてヱホバに事へまつらん
23 Li fin febli fòs mwen nan chemen an. Li rakousi nonb de jou mwen yo.
ヱホバはわがちからを途にておとろへしめ わが齢をみじかからしめ給へり
24 Mwen te di: “O Bondye mwen an, pa rache m nan mitan jou mwen yo. Ane pa Ou yo dire pandan tout jenerasyon yo.
我いへりねがはくはわが神よわがすべての日のなかばにて我をとりさりたまふなかれ 汝のよはひは世々かぎりなし
25 Depi tan ansyen yo, Ou te fonde latè, e syèl yo se zèv lamen Ou yo.
汝いにしへ地の基をすゑたまへり 天もまたなんぢの手の工なり
26 Malgre yo peri, Ou menm va rete toujou. Wi, tout bagay nan yo va vin epwize tankou yon vètman. Tankou rad, Ou va chanje yo, e yo va chanje.
これらは亡びん されど汝はつねに存らへたまはん これらはみな衣のごとくふるびん 汝これらを袍のごとく更たまはん されば彼等はかはらん
27 Men Ou menm, se menm jan an Ou ye. Ane pa Ou yo p ap janm fini.
然れども汝はかはることなし なんぢの齢はをはらざるなり
28 Pitit a sèvitè Ou yo va kontinye, e desandan pa yo va etabli devan Ou.”
汝のしもべの子輩はながらへん その裔はかたく前にたてらるべし

< Sòm 102 >