< Sòm 101 >

1 Yon Sòm David Mwen va chante de lanmou dous avèk jistis. A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.
לדוד מזמור חסד ומשפט אשירה לך יהוה אזמרה׃
2 Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la. Kilè Ou va vini kote mwen? Mwen va mache anndan lakay mwen ak entegrite nan kè m.
אשכילה בדרך תמים מתי תבוא אלי אתהלך בתם לבבי בקרב ביתי׃
3 Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m. Mwen rayi zèv a (sila) ki chite yo. Sa p ap tache men l sou mwen.
לא אשית לנגד עיני דבר בליעל עשה סטים שנאתי לא ידבק בי׃
4 Yon kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen. Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.
לבב עקש יסור ממני רע לא אדע׃
5 Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè, li menm, mwen va detwi. Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.
מלושני בסתר רעהו אותו אצמית גבה עינים ורחב לבב אתו לא אוכל׃
6 Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m. (Sila) ki mache nan chemen san fot la, se li menm ki va sèvitè mwen.
עיני בנאמני ארץ לשבת עמדי הלך בדרך תמים הוא ישרתני׃
7 (Sila) ki pratike manti p ap rete lakay mwen. (Sila) ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.
לא ישב בקרב ביתי עשה רמיה דבר שקרים לא יכון לנגד עיני׃
8 Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo, Pou m kab koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.
לבקרים אצמית כל רשעי ארץ להכרית מעיר יהוה כל פעלי און׃

< Sòm 101 >