< Sòm 10 >

1 Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè? Poukisa Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?
主よ、なにゆえ遠く離れて立たれるのですか。なにゆえ悩みの時に身を隠されるのですか。
2 Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo. Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.
悪しき者は高ぶって貧しい者を激しく責めます。どうぞ彼らがその企てたはかりごとにみずから捕えられますように。
3 Paske mechan a ap vin ògeye sou dezi kè li a; li beni moun voras la, e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.
悪しき者は自分の心の願いを誇り、むさぼる者は主をのろい、かつ捨てる。
4 Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye, Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”
悪しき者は誇り顔をして、神を求めない。その思いに、すべて「神はない」という。
5 Chemen pa li yo reyisi tout tan; Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo. Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.
彼の道は常に栄え、あなたのさばきは彼を離れて高く、彼はそのすべてのあだを口先で吹く。
6 Li di a pwòp tèt li: “Mwen p ap ebranle menm; Pandan tout jenerasyon yo, mwen p ap gen pwoblèm ditou.”
彼は心の内に言う、「わたしは動かされることはなく、世々わざわいにあうことがない」と。
7 Bouch li plen ak malediksyon, avèk twonpe moun avèk oprime moun. Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.
その口はのろいと、欺きと、しえたげとに満ち、その舌の下には害毒と不正とがある。
8 Li chita nan anbiskad pou veye vil yo; nan anbiskad yo, li touye inosan yo. Zye li yo veye san bat (sila) ki pa gen espwa yo.
彼は村里の隠れ場におり、忍びやかな所で罪のない者を殺す。その目は寄るべなき者をうかがい、
9 Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li. Li kache pou kenbe aflije yo; li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen an.
隠れ場にひそむししのように、ひそかに待ち伏せする。彼は貧しい者を捕えようと待ち伏せし、貧しい者を網にひきいれて捕える。
10 Li akwoupi, li pare kò l; konsa malere a vin tonbe pa grif pwisan li yo.
寄るべなき者は彼の力によって打ちくじかれ、衰え、倒れる。
11 Li pale a tèt li: “Bondye bliye. Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”
彼は心のうちに言う、「神は忘れた、神はその顔を隠した、神は絶えて見ることはなかろう」と。
12 Leve O SENYÈ! O Bondye, leve men Ou wo! Pa bliye aflije yo!
主よ、立ちあがってください。神よ、み手をあげてください。苦しむ者を忘れないでください。
13 Poukisa mechan an te meprize Bondye? Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”.
なにゆえ、悪しき者は神を侮り、心のうちに「あなたはとがめることをしない」と言うのですか。
14 Ou te wè sa, paske Ou te wè kont mechanste ak agase moun pou pran sa an men. Malere a ap depann de Ou menm; Se Ou ki konn ede òfelen an.
あなたはみそなわし、悩みと苦しみとを見て、それをみ手に取られます。寄るべなき者はあなたに身をゆだねるのです。あなたはいつもみなしごを助けられました。
15 Kase bra a mechan yo avèk malfektè a! Dekouvri mechanste li yo jiskaske Ou pa twouve l ankò.
悪しき者と悪を行う者の腕を折り、その悪を一つも残さないまでに探り出してください。
16 SENYÈ a se Wa a pou tout tan! Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.
主はとこしえに王でいらせられる。もろもろの国民は滅びて主の国から跡を断つでしょう。
17 O SENYÈ, Ou te tande dezi a enb yo; Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,
主よ、あなたは柔和な者の願いを聞き、その心を強くし、耳を傾けて、
18 pou bay jistis a òfelen an avèk oprime a, pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.
みなしごと、しえたげられる者とのためにさばきを行われます。地に属する人は再び人を脅かすことはないでしょう。

< Sòm 10 >