< Pwovèb 9 >
1 Sajès bati kay li a; li taye sèt gwo pilye li yo.
Премудрост сазида себи кућу, и отеса седам ступова;
2 Li te prepare manje li, li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.
Покла стоку своју, раствори вино своје, и постави сто свој.
3 Li voye demwazèl li yo deyò, li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:
Посла девојке своје, те зове сврх висина градских:
4 “Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!” Pou sila ki manke bon konprann nan, li di:
Ко је луд, нека се уврати овамо. И безумнима вели:
5 “Vin manje manje mwen an, e bwè diven ke m te melanje a.
Ходите, једите хлеба мог, и пијте вино које сам растворила.
6 Kite foli ou pou ou ka viv; epi avanse nan chemen bon konprann nan.”
Оставите лудост и бићете живи, и идите путем разума.
7 Sila ki korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li, e sila ki repwoche yon nonm mechan va resevwa ofans sou tèt li.
Ко учи подсмевача, прима срамоту; и ко кори безбожника, прима руг.
8 Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou; repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
Не карај подсмевача да не омрзне на те; карај мудра, и љубиће те.
9 Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj, enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.
Кажи мудроме, и биће још мудрији; поучи праведног, и знаће више.
10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
Почетак је мудрости страх Господњи, и знање је светих ствари разум.
11 Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye, e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
Јер ће се мном умножити дани твоји и додаће ти се године животу.
12 Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou; e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
Ако будеш мудар, себи ћеш бити мудар; ако ли будеш подсмевач, сам ћеш теглити.
13 Fanm sòt pale byen fò ak gwo vwa; li bèt, e li pa konnen anyen.
Жена безумна плаха је, луда и ништа не зна;
14 Li chita devan pòtay lakay li, sou yon chèz akote wo plas vil yo.
И седи на вратима од куће своје на столици, на висинама градским,
15 Li rele sila ki pase yo, ki ap fè chemen yo dwat yo:
Те виче оне који пролазе, који иду право својим путем:
16 Sila ki pa konnen anyen an, kite li antre isit la. Pou sila ki manke konprann nan, li di:
Ко је луд? Нека се уврати овамо. И безумном говори:
17 “Dlo yo vòlè dous e pen ki manje an sekrè byen agreyab.”
Вода је крадена слатка, и хлеб је сакривен угодан.
18 Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a. Vizitè li yo la. Yo nan fon Sejou mò yo. (Sheol )
А он не зна да су онде мртваци и у дубоком гробу да су званице њене. (Sheol )