< Pwovèb 8 >

1 Èske sajès pa rele? Èske bon konprann pa leve vwa li?
Zdaliž moudrost nevolá, a rozumnost nevydává hlasu svého?
2 Anlè wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo; la li pran pozisyon li.
Na vrchu vysokých míst, u cesty, na rozcestí stojí,
3 Akote pòtay yo, nan ouvèti vil la, nan antre pòtay yo, li kriye fò:
U bran, kudy se chodí do města, a kudy se chodí dveřmi, volá, řkuci:
4 Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele! Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.
Na vásť, ó muži, volám, a hlas můj jest k synům lidským.
5 O moun ensanse yo, vin aprann pridans! Moun fou yo, vin konprann sajès!
Poučte se hloupí opatrnosti, a blázni srozumějte srdcem.
6 Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay. Lè lèv mwen louvri, y ap devwale bagay ki kòrèk.
Poslouchejtež, nebo znamenité věci mluviti budu, a otevření rtů mých pouhou pravdu.
7 Paske bouch mwen va eksprime verite; epi mechanste vin abominab a lèv mwen.
Jistě žeť pravdu zvěstují ústa má, a ohavností jest rtům mým bezbožnost.
8 Tout pawòl a bouch mwen yo dwat; nanpwen anyen kwochi oswa pèvès ladann yo.
Spravedlivé jsou všecky řeči úst mých, není v nich nic křivého ani převráceného.
9 Yo byen dwat pou sila ki konprann nan, e kòrèk pou sila ki jwenn konesans lan.
Všecky pravé jsou rozumějícímu, a přímé těm, kteříž nalézají umění.
10 Pran konsèy mwen olye ajan, e konesans olye pi chwa nan lò pi.
Přijmětež cvičení mé raději než stříbro, a umění raději než zlato nejvýbornější.
11 Paske, sajès pi bon ke bijou; epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.
Nebo lepší jest moudrost než drahé kamení, tak že jakékoli věci žádostivé vrovnati se jí nemohou.
12 Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann. Konsa, mwen fè jwenn konesans ak bon sans.
Já moudrost bydlím s opatrností, a umění pravé prozřetelnosti přítomné mám.
13 Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal, ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.
Bázeň Hospodinova jest v nenávisti míti zlé, pýchy a vysokomyslnosti, i cesty zlé a úst převrácených nenávidím.
14 Konsèy ak bon sajès se pou mwen. Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
Má jest rada i šťastný prospěch, jáť jsem rozumnost, a má jest síla.
15 Akoz mwen, wa yo vin renye; e gouvènè yo fè dekrè lajistis.
Skrze mne králové kralují, a knížata ustanovují věci spravedlivé.
16 Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa; tout moun ki fè jijman ki bon yo.
Skrze mne knížata panují, páni i všickni soudcové zemští.
17 Mwen renmen sila ki renmen m yo. Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
Já milující mne miluji, a kteříž mne pilně hledají, nalézají mne.
18 Richès ak lonè avèk m; richès k ap dire ak ladwati.
Bohatství a sláva při mně jest, zboží trvánlivé i spravedlnost.
19 Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi. Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.
Lepší jest ovoce mé než nejlepší zlato, i než ryzí, a užitek můj než stříbro výborné.
20 Mwen mache nan ladwati, nan mitan wout lajistis yo,
Stezkou spravedlnosti vodím, prostředkem stezek soudu,
21 Pou m bay a sila ki renmen m, richès; pou m kab ranpli kès yo.
Abych těm, kteříž mne milují, přidědila zboží věčné, a poklady jejich naplnila.
22 SENYÈ a te posede m nan kòmansman travay pa Li; menm avan zèv ansyen Li yo.
Hospodin měl mne při počátku cesty své, před skutky svými, přede všemi časy.
23 Depi nan etènite, mwen te etabli, depi nan kòmansman, depi nan tan pi ansyen mond lan.
Před věky ustanovena jsem, před počátkem, prvé než byla země.
24 Lè potko gen pwofondè, mwen te fèt, lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.
Když ještě nebylo propasti, zplozena jsem, když ještě nebylo studnic oplývajících vodami.
25 Avan mòn yo te poze, avan kolin yo, mwen te fèt;
Prvé než hory založeny byly, než byli pahrbkové, zplozena jsem;
26 pandan li potko fè tè a ak chan yo, ni premye grenn pousyè mond lan.
Ještě byl neučinil země a rovin, ani začátku prachu okršlku zemského.
27 Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la, lè Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,
Když připravoval nebesa, byla jsem tu, když vyměřoval okrouhlost nad propastí;
28 lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm, lè sous nan fon yo te vin etabli,
Když upevňoval oblaky u výsosti, když utvrzoval studnice propasti;
29 lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li, lè Li te make tras fondasyon tè a;
Když ukládal moři cíl jeho, a vodám, aby nepřestupovaly rozkázaní jeho, když vyměřoval základy země:
30 Nan tan sa a, mwen te akote Li, yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounen e te rejwi devan L tout tan,
Tehdáž byla jsem od něho pěstována, a byla jsem jeho potěšení na každý den, anobrž hrám před ním každého času;
31 Mwen t ap Rejwi nan mond Li a, e fè kè kontan nan fis a lòm yo.
Hrám i na okršlku země jeho, a rozkoše mé s syny lidskými.
32 “Alò, pou sa, fis yo, koute mwen; paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.
A tak tedy, synové, poslechněte mne, nebo blahoslavení jsou ostříhající cest mých.
33 Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.
Poslouchejte cvičení, a nabuďte rozumu, a nerozpakujte se.
34 Beni se moun ki koute mwen an, k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo, k ap veye kote poto pòt kay mwen an.
Blahoslavený člověk, kterýž mne slýchá, bdě u dveří mých na každý den, šetře veřejí dveří mých.
35 Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi e resevwa lonè devan SENYÈ a.
Nebo kdož mne nalézá, nalézá život, a dosahuje lásky od Hospodina.
36 Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”
Ale kdož hřeší proti mně, ukrutenství provodí nad duší svou; všickni, kteříž mne nenávidí, milují smrt.

< Pwovèb 8 >