< Pwovèb 7 >

1 Fis mwen an, kenbe pawòl mwen yo e kache kòmandman mwen yo anndan ou.
我兒,你要持守我的訓言,把我的誡命藏在心中;
2 Kenbe kòmandman mwen yo pou viv, ak enstriksyon mwen yo kon de grenn zye nan tèt ou.
你要遵守我的誡命,好叫你得以生存;應恪守我的教訓,像保護你眼中的瞳人。
3 Mare yo sou dwèt ou; ekri yo sou tablo a kè ou.
應將我的誡命繫在指間,刻在心上;
4 Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,” e rele sajès pi bon zanmi ou,
應對智慧說:「你是我的姊妹,」並應稱睿智為你的女友,
5 Pou li kab anpeche ou ale jwenn ak yon fanm adiltè; yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.
好能保護你遠避奸婦,即那甜言蜜語的淫婦。
6 Paske bo fenèt lakay mwen, mwen te gade nan fant fenèt mwen an.
我曾由我家的窗口,透過窗格往外觀看,
7 Konsa, mwen te wè pami moun sòt yo, e te rekonèt pami jenn yo, yon jennonm ki te manke bon sans;
分明看見在愚昧人中,在少年人中,有一個無知的少年,
8 ki t ap pase nan lari a toupre kwen kay fanm nan. Konsa, li pran chemen pou rive lakay li,
沿著淫婦屋角的街道經過,向她的住宅走去,
9 nan solèy kouche a, nan aswè, nan mitan lannwit ak nan fènwa.
那時正是黃昏,日已西沉,已入黝黑深夜。
10 Epi gade, yon fanm vin pwoche li abiye kon pwostitiye ak riz nan kè l.
看,有一個女人向他迎面而來──她身穿妓裝,存心不軌;
11 Li parèt plen kouraj nan rebelyon li. Pye li pa rete lakay li.
她健談好蕩,不能停留家中:
12 Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo, lap kache tan nan tout kwen.
一會在街頭,一會在市場,在每個角落上兜搭──
13 Konsa, li sezi li, bo li; e ak figi byen ranje, li di li:
她遂上前擁抱那少年,與他接吻,嬉皮笑臉對他說:「
14 “Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo. Se jodi a, mwen fin peye ve mwen yo.
我原許過願,要獻和平祭,今日纔得償還我許的願。
15 Konsa, mwen te vin rankontre ou, pou jwenn prezans ou; e konsa, mwen te twouve ou.
所以我走了出來,好能與你相遇;我急切尋找你,可好現在我見了你。
16 Mwen byen ranje kabann mwen ak kouvèti; avèk bèl dra Égypte yo.
我的床榻已舖設了絨毯,放上了埃及的線繡臥單;
17 Mwen te flite kabann nan ak pafen flè jasmen, lwil womaren ak kanèl.
又用沒藥、蘆薈和肉桂薰了我的睡床。
18 Vini, annou bwè ladann e fè lanmou jis rive nan maten. Annou fè kè nou kontan ak doudous nou yo.
來讓我們通宵達旦,飽享愛情;讓我們在歡愛中盡情取樂,
19 Paske mari m pa lakay la; li ale nan yon gran vwayaj.
因為我的丈夫現不在家,他已出外遠行,
20 Li te pran yon sak lajan avè l. Jis rive nan plèn lin, l ap retounen lakay.”
隨身帶了錢囊,不到月圓不歸家。」
21 Ak anpil ankourajman, li atire li; avèk lèv a flatè, li sedwi li.
淫婦用許多花言巧語籠絡他,以諂言媚語勾引他。
22 Sibitman, li swiv li tankou yon bèf k ap monte labatwa, tankou moun sòt kab mache rive nan ne koulan an.
少年遂跟她去了,好像一隻引入屠場的公牛,又像一隻自陷圈套的牡鹿,
23 Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l; tankou yon zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen. Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.
直至箭矢射穿他的心肝;他還像一隻跳入羅網的小鳥,不知這與他的性命有關。
24 Alò, pou sa, fis yo, koute mwen e okipe pawòl a bouch mwen yo.
現在,孩子! 你們應聽從我,留意我口中的訓言:
25 Pa kite kè ou vire akote nan chemen li yo! Pa vin antre egare nan wout li yo!
不要讓你的心傾向她的道路,不要誤入她的迷途,
26 Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo; e anpil se sila ki te mouri akoz li.
因為她使許多人倒地身亡,連最強健的,都作了她的犧牲。
27 Lakay li nan wout Sejou mò yo, k ap desann nan chanm lanmò yo. (Sheol h7585)
她的家是通往陰府的大道,是引入死境的斜坡。 (Sheol h7585)

< Pwovèb 7 >