< Pwovèb 6 >

1 Fis mwen an, si ou devni garanti dèt pou vwazen ou, ou te fè pwomès pou yon lòt ki pa pa w.
내 아들아 네가 만일 이웃을 위하여 담보하며 타인을 위하여 보증하였으면
2 Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou, ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.
네 입의 말로 네가 얽혔으며 네 입의 말로 인하여 잡히게 되었느니라
3 Alò fè sa, fis mwen an, pou delivre tèt ou. Akoz ou te vin antre nan men a vwazen ou an, ale desann pou jennen vwazen ou an.
내 아들아 네가 네 이웃의 손에 빠졌은즉 이같이 하라 너는 곧 가서 겸손히 네 이웃에게 간구하여 스스로 구원하되
4 Pa kite dòmi tonbe nan zye ou, ni somèy rive sou pòpyè zye ou.
네 눈으로 잠들게 하지 말며 눈꺼풀로 감기게 하지 말고
5 Chape tèt ou kon yon antilòp nan men a chasè, oswa zwazo a nan pelen moun lachas la.
노루가 사냥꾼의 손에서 벗어나는 것 같이 새가 그물 치는 자의 손에서 벗어나는 것 같이 스스로 구원하라
6 Ale kote foumi, o parese. Veye abitid li yo e vin saj!
게으른 자여 개미에게로 가서 그 하는 것을 보고 지혜를 얻으라
7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
개미는 두령도 없고 간역자도 없고 주권자도 없으되
8 kon prepare manje li nan gran sezon an e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
먹을 것을 여름 동안에 예비하며 추수 때에 양식을 모으느니라
9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese? Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
게으른 자여 네가 어느 때까지 눕겠느냐 네가 어느 때에 잠이 깨어 일어나겠느나
10 Yon ti dòmi, yon ti somèy, yon ti pliye men ou yo pou repoze;
좀더 자자, 좀더 졸자, 손을 모으고 좀더 눕자 하면
11 mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon, e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
네 빈궁이 강도 같이 오며 네 곤핍이 군사 같이 이르리라
12 Yon sanzave, yon moun mechan se sila ki mache ak yon bouch pèvès,
불량하고 악한 자는 그 행동에 궤휼한 입을 벌리며
13 ki bat zye li, ki fè siy ak pye li, ki pwente ak dwèt li;
눈짓을 하며 발로 뜻을 보이며 손가락질로 알게 하며
14 ki avèk pèvèsite nan kè l fè tout tan sa ki mal, ki gaye konfli.
그 마음에 패역을 품으며 항상 악을 꾀하여 다툼을 일으키는 자라
15 Pou sa, malè li va parèt sibitman; nan yon enstan li va kase nèt; e li p ap gen gerizon ditou.
그러므로 그 재앙이 갑자기 임한즉 도움을 얻지 못하고 당장에 패망하리라
16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi; wi sèt menm ki abominab devan l:
여호와의 미워하시는 것 곧 그 마음에 싫어하시는 것이 육 칠 가지니
17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti, avèk men ki vèse san inosan,
곧 교만한 눈과 거짓된 혀와 무죄한 자의 피를 흘리는 손과
18 Yon kè ki divize plan mechan yo, pye ki kouri vit pou jwenn mal,
악한 계교를 꾀하는 마음과 빨리 악으로 달려가는 발과
19 Yon fo temwen ki bay manti, ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.
거짓을 말하는 망령된 증인과 및 형제 사이를 이간하는 자니라
20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou e pa abandone enstriksyon manman ou.
내 아들아 네 아비의 명령을 지키며 네 어미의 법을 떠나지 말고
21 Mare yo tout tan sou kè ou; mare yo nan kou ou.
그것을 항상 네 마음에 새기며 네 목에 매라
22 Lè ou mache toupatou, yo va gide ou. Lè ou dòmi, yo va veye sou ou. Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.
그것이 너의 다닐 때에 너를 인도하며 너의 잘 때에 너를 보호하며 너의 깰 때에 너로 더불어 말하리니
23 Paske kòmandman an se yon lanp, e enstriksyon li se limyè. Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a
대저 명령은 등불이요 법은 빛이요 훈계의 책망은 곧 생명의 길이라
24 pou anpeche ou rive nan fanm movèz vi a, a lang glise de fanm adiltè a.
이것이 너를 지켜서 악한 계집에게, 이방 계집의 혀로 호리는 말에 빠지지 않게 하리라
25 Pa dezire bote li nan kè ou, ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.
네 마음에 그 아름다운 색을 탐하지 말며 그 눈꺼풀에 홀리지 말라
26 Paske akoz yon pwostitiye, yon gason redwi a yon mòso pen. Yon fanm adiltè fè lachase lavi presye.
음녀로 인하여 사람이 한조각 떡만 남게 됨이며 음란한 계집은 귀한 생명을 사냥함이니라
27 Èske yon nonm kab mete dife poze antre janm li yo pou rad li pa brile?
사람이 불을 품에 품고야 어찌 그 옷이 타지 아니하겠으며
28 Oswa èske yon nonm kab mache sou chabon limen, san ke pye l pa brile?
사람이 숯불을 밟고야 어찌 그 발이 데지 아니하겠느냐
29 Se konsa li ye ak yon nonm ki antre nan madanm vwazen li. Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.
남의 아내와 통간하는 자도 이와 같을 것이라 무릇 그를 만지기만 하는 자도 죄 없게 되지 아니하리라
30 Pèsòn pa meprize yon vòlè kap vòlè pou l kab satisfè grangou.
도적이 만일 주릴 때에 배를 채우려고 도적질하면 사람이 그를 멸시치는 아니하려니와
31 Men si pa aza, li jwenn li, la oblije repeye li sèt fwa. Lap oblije bay tout sa li posede lakay li.
들키면 칠 배를 갚아야 하리니 심지어 자기 집에 있는 것을 다 내어 주게 되리라
32 Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès; nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.
부녀와 간음하는 자는 무지한 자라 이것을 행하는 자는 자기의 영혼을 망하게 하며
33 L ap twouve blesi ak gwo wont, e repwòch li p ap efase menm.
상함과 능욕을 받고 부끄러움을 씻을 수 없게 되나니
34 Paske jalouzi fè laraj nan yon nonm; li p ap fè gras nan jou vanjans lan.
그 남편이 투기함으로 분노하여 원수를 갚는 날에 용서하지 아니하고
35 Li p ap dakò dedonmaje ak ranson, ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.
아무 벌금도 돌아 보지 아니하며 많은 선물을 줄지라도 듣지 아니하리라

< Pwovèb 6 >