< Pwovèb 5 >

1 Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen, apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;
ای پسرم، به سخنان حکیمانهٔ من گوش کن و به بصیرت من توجه نما.
2 pou ou kab kenbe sajès e pou lèv ou ka konsève konesans.
آنگاه خواهی دانست چگونه درست رفتار کنی، و سخنان تو نشان خواهد داد که از دانایی برخوردار هستی.
3 Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo, e pale li pi dous pase lwil;
زن بدکاره چرب زبان است و سخنان او مانند عسل شیرین می‌باشد؛
4 men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl, epi file kon yon nepe ki koupe de bò.
ولی عاقبت جز تلخی و درد چیزی برای تو باقی نمی‌گذارد.
5 Pye li yo desann vè lanmò e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo. (Sheol h7585)
زن بدکاره تو را به سوی مرگ و جهنم می‌کشاند، (Sheol h7585)
6 Li pa reflechi sou pa lavi a; vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.
زیرا او از راه زندگی منحرف شده و سرگردان است و نمی‌داند به کجا می‌رود.
7 Alò, fis mwen yo, koute mwen, e pa bliye pawòl a bouch mwen yo.
ای جوانان، به من گوش دهید و آنچه را که می‌خواهم به شما بگویم هرگز فراموش نکنید:
8 Kenbe wout ou byen lwen li, e pa pwoche toupre pòt lakay li.
از چنین زنی دوری کنید. حتی به در خانه‌اش هم نزدیک نشوید،
9 Oswa ou va bay fòs ou a lòt yo ak ane ou yo a mechan an.
مبادا در دام وسوسه‌هایش گرفتار شوید و حیثیت خود را از دست بدهید و بقیه عمر خویش را صرف کسی کنید که رحم و شفقت ندارد.
10 Konsa, etranje yo va ranpli ak fòs ou, e byen yo ke ou te ranmase ak swè ou, va rive lakay a yon etranje.
مبادا غریبه‌ها اموال شما را تصاحب نمایند و ثمرهٔ زحمت شما از آن دیگران شود،
11 Epi ou va plenyen nan gòj lè dènye moman lavi ou rive, lè chè ou ak kò ou fin manje nèt.
و عاقبت بیمار شده، از شدت درماندگی بنالید
12 Ou va di: “Ki jan mwen te rayi enstriksyon! Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch!
و بگویید: «کاش که گوش می‌دادم! کاش که تسلیم هوسهایم نمی‌شدم!
13 Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo, ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè mèt mwen yo.
چرا به نصایح معلمانم گوش ندادم؟ چرا به سخنان ایشان توجه نکردم؟
14 Mwen te prèt pou fini nèt nan mitan asanble a ak kongregasyon an.”
اکنون باید پیش همه رسوا و سرافکنده باشم.»
15 Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.
پسرم، نسبت به همسر خود وفادار باش و تنها نسبت به او عشق بورز.
16 Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje, kòn vwa dlo k ap kouri nan lari yo?
چرا باید از زنان هرزهٔ خیابانی صاحب بچه شوی؟
17 Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.
فرزندان تو باید تنها مال خودت باشند و نباید غریبه‌ها در آنان سهمی داشته باشند.
18 Kite fontèn dlo ou a rete beni, e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.
پس با زنت خوش باش و از همسر خود که در ایام جوانی با او ازدواج کرده‌ای لذت ببر.
19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan, kite tete li yo satisfè ou tout tan. Rete debòde nèt ak lanmou li.
دلبریها و آغوش او تو را کافی باشد، و قلب تو فقط از عشق او سرشار گردد.
20 Paske poukisa fis mwen an, ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè, e anbrase lestonmak a yon etranje?
چرا باید به زن بدکاره دل ببندی و زنی را که به تو تعلق ندارد در آغوش بگیری؟
21 Paske chemen a yon nonm se devan zye a SENYÈ a, e Li veye tout pa li yo.
خداوند به دقت تو را زیر نظر دارد و هر کاری را که انجام می‌دهی می‌سنجد.
22 Pwòp inikite a mechan an va kaptire li. Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.
گناهان شخص بدکار مانند ریسمان به دورش می‌پیچد و او را گرفتار می‌سازد.
23 Li va mouri akoz mank enstriksyon, e nan grandè foli li, li va vin egare.
بلهوسی او باعث مرگش خواهد شد و حماقتش او را به نابودی خواهد کشاند.

< Pwovèb 5 >