< Pwovèb 30 >

1 Pawòl a Agur, fis a Jaké a, pwofèt la: nonm nan pale Ithiel, a Ithiel ak Ucal:
雅基的儿子亚古珥的言语就是真言。 这人对以铁和乌甲说:
2 “Anverite, mwen pi bèt pase tout moun e mwen pa gen konprann a yon nonm.
我比众人更蠢笨, 也没有人的聪明。
3 Mwen pa t aprann sajès, ni mwen pa gen konesans a Sila Ki Sen an.
我没有学好智慧, 也不认识至圣者。
4 Kilès ki te monte nan syèl la e te desann? Kilès ki te ranmase van nan ponyèt li? Kilès ki te vlope dlo nan vètman li? Kilès ki te etabli tout pwent tè yo? Ki non li e ki non fis Li a? Asireman, ou konnen!
谁升天又降下来? 谁聚风在掌握中? 谁包水在衣服里? 谁立定地的四极? 他名叫什么? 他儿子名叫什么? 你知道吗?
5 “Tout pawòl Bondye pase a leprèv; Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo.
神的言语句句都是炼净的; 投靠他的,他便作他们的盾牌。
6 Pa ogmante sou pawòl Li yo, oswa Li va repwoche ou e ou va fè prèv ke se yon mantè ou ye.
他的言语,你不可加添, 恐怕他责备你,你就显为说谎言的。
7 “De bagay m te mande ou yo; pa refize m yo avan m mouri:
我求你两件事, 在我未死之先,不要不赐给我:
8 Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen. Pa ban m richès ni povrete. Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,
求你使虚假和谎言远离我; 使我也不贫穷也不富足; 赐给我需用的饮食,
9 pou m pa vin plen e refize rekonèt Ou pou di: ‘Se kilès ki SENYÈ a?’ oswa, pou m ta manke, vin vòlè e fè yon gwo wont sou non Bondye mwen an.
恐怕我饱足不认你,说: 耶和华是谁呢? 又恐怕我贫穷就偷窃, 以致亵渎我 神的名。
10 “Pa pale mal yon esklav a mèt li, sinon li va modi ou, e ou va twouve koupab.
你不要向主人谗谤仆人, 恐怕他咒诅你,你便算为有罪。
11 Gen yon kalite moun ki modi papa li e refize beni manman l.
有一宗人,咒诅父亲, 不给母亲祝福。
12 Gen yon kalite ki san tach nan pwòp zye li; sepandan, yo poko lave pou sòti salte a.
有一宗人,自以为清洁, 却没有洗去自己的污秽。
13 Gen yon kalite—O, jan zye li leve wo, e pòpyè zye li leve ak awogans.
有一宗人,眼目何其高傲, 眼皮也是高举。
14 Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe ak machwè tankou kouto, ki prèt pou devore aflije sou fas tè yo, e fè moun malere yo disparèt pami moun.
有一宗人,牙如剑,齿如刀, 要吞灭地上的困苦人和世间的穷乏人。
15 “Sansi a gen de fi: ‘Ban mwen’ ak ‘Ban m’. “Gen twa bagay ki pa janm satisfè, menm kat ki refize di: ‘Se kont’:
蚂蟥有两个女儿, 常说:给呀,给呀! 有三样不知足的, 连不说“够的”共有四样:
16 Sejou Lanmò a, vant fanm esteril la, latè a ki pa janm jwenn dlo ase, ak dife ki pa janm di: ‘Se kont’. (Sheol h7585)
就是阴间和石胎, 浸水不足的地,并火。 (Sheol h7585)
17 “Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman, kòbo nan vale a va vin rache l, e jenn èg yo va manje li.
戏笑父亲、藐视而不听从母亲的, 他的眼睛必为谷中的乌鸦啄出来,为鹰雏所吃。
18 “Gen twa bagay ki twò bèl pou mwen, kat ke m pa konprann:
我所测不透的奇妙有三样, 连我所不知道的共有四样:
19 Vòl a yon èg nan syèl la, pa sèpan an sou wòch, chemen gwo bato a nan mitan lanmè, ak manèv a yon jennonm ak yon fi.
就是鹰在空中飞的道; 蛇在磐石上爬的道; 船在海中行的道; 男与女交合的道。
20 “Men konsa chemen a fanm adiltè a: Li manje, li siye bouch li e li pale klè: ‘Mwen pa t fè mal’.
淫妇的道也是这样: 她吃了,把嘴一擦就说: 我没有行恶。
21 “Anba twa bagay, latè tranble, e anba kat, li pa ka kenbe:
使地震动的有三样, 连地担不起的共有四样:
22 Anba yon esklav lè li vin wa, ak yon moun fou lè l vin satisfè ak manje,
就是仆人作王; 愚顽人吃饱;
23 anba yon fanm neglije lè l jwenn mari, ak yon sèvant lè l pran plas mètrès kay la.
丑恶的女子出嫁; 婢女接续主母。
24 “Kat bagay ki tou piti sou latè, men yo plen sajès:
地上有四样小物,却甚聪明:
25 Foumi se pa yon pèp ki fò; men yo prepare manje yo nan gran sezon.
蚂蚁是无力之类, 却在夏天预备粮食。
26 Chat mawon se pa yon pèp pwisan; men yo fè kay yo nan wòch.
沙番是软弱之类, 却在磐石中造房。
27 Krikèt volan yo pa gen wa; men yo parèt byen alinye.
蝗虫没有君王, 却分队而出。
28 Zandolit ke ou kab kenbe nan men ou; sepandan, li antre nan palè a wa a.
守宫用爪抓墙, 却住在王宫。
29 “Gen twa bagay ki mache parèt bèl, menm kat ki bèl lè yo mache:
步行威武的有三样, 连行走威武的共有四样:
30 Lyon ki pwisan pami bèt yo, e ki pa fè bak devan okenn bèt;
就是狮子—乃百兽中最为猛烈、无所躲避的,
31 Jan kòk mache a, menm ak mal kabrit, o yon wa lè lame parèt avè l.
猎狗,公山羊,和无人能敌的君王。
32 “Si ou te fè foli nan leve tèt ou byen wo, oswa si ou te fè konplo pou mal, mete men ou sou bouch ou.
你若行事愚顽,自高自傲, 或是怀了恶念,就当用手捂口。
33 Paske lèt k ap laboure vin fè bè, ak peze nen pote san; se konsa laboure kòlè pwodwi konfli.”
摇牛奶必成奶油; 扭鼻子必出血。 照样,激动怒气必起争端。

< Pwovèb 30 >