< Pwovèb 3 >

1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an, men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
My son! Do not forget my law, And let your heart keep my commands,
2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo va vin ogmante sou ou.
For [the] length of [your] days and years, Life and peace they add to you.
3 Pa kite dousè ak verite kite ou. Mare yo antoure kou ou. Ekri yo sou tablo kè ou.
Do not let kindness and truth forsake you, Bind them on your neck, Write them on the tablet of your heart,
4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon nan men Bondye a, ak moun.
And find grace and good understanding In the eyes of God and man.
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou; pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
Trust to YHWH with all your heart, And do not lean to your own understanding.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
In all your ways know Him, And He makes your paths straight.
7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou; krent SENYÈ a e vire kite mal.
Do not be wise in your own eyes, Fear YHWH, and turn aside from evil.
8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou, ak rafrechisman a zo ou.
It is healing to your navel, And moistening to your bones.
9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo; ak premye pati nan tout prodwi ou,
Honor YHWH from your substance, And from the beginning of all your increase;
10 pou depo ou yo kab vin plen ak abondans, e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
And your barns are filled [with] plenty, And your presses break forth [with] new wine.
11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a, ni rayi repwòch Li,
Discipline of YHWH, my son, do not despise, And do not be distressed with His reproof,
12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li, jis tankou yon papa konn korije fis nan sila li pran plezi a.
For whom YHWH loves He reproves, Even as a father the son He is pleased with.
13 A la beni nonm ki twouve sajès, e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
O the blessedness of a man [who] has found wisdom, And of a man [who] brings forth understanding.
14 Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan, e pwofi li pi bon ke lò fen.
For better [is] her merchandise Than the merchandise of silver, And than gold—her increase.
15 Li pi presye pase bijou; e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
She [is] precious above rubies, And all your pleasures are not comparable to her.
16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li. Nan men goch li se richès ak lonè.
Length of days [is] in her right hand, In her left [are] wealth and honor.
17 Chemen li yo byen dous, e tout pa li yo se lapè.
Her ways [are] ways of pleasantness, And all her paths [are] peace.
18 Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo, e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
She [is] a tree of life to those laying hold on her, And whoever is retaining her [is] blessed.
19 SENYÈ a ak sajès te fonde latè a; ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
YHWH founded the earth by wisdom, He prepared the heavens by understanding.
20 Ak konesans Li, fon yo te vin ouvri, e syèl yo te vin degoute lawouze.
By His knowledge depths have been broken, And clouds drop dew.
21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe bon sajès ak bon konprann.
My son! Do not let them turn from your eyes, Keep wisdom and thoughtfulness,
22 Konsa yo va lavi pou nanm ou ak dekorasyon pou kou ou.
And they are life to your soul, and grace to your neck.
23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite, e pye ou p ap chape.
Then you go your way confidently, And your foot does not stumble.
24 Lè ou kouche ou p ap pè; kouche ou ak dòmi ou va byen dous.
If you lie down, you are not afraid, Indeed, you have lain down, And your sleep has been sweet.
25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman, ni atak a mechan an lè l vini.
Do not be afraid of sudden fear, And of the desolation of the wicked when it comes.
26 Paske Bondye va konfyans ou, e va veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.
For YHWH is at your side, And He has kept your foot from capture.
27 Pa refize fè byen a sila ki merite l yo, si se nan kapasite ou pou fè l.
Do not withhold good from its owners, When your hand [is] toward God to do [it].
28 Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”, oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w.
Do not say to your friend, “Go, and return, and tomorrow I give,” When substance [is] with you.
29 Pa kalkile mal kont vwazen ou pandan l ap viv an sekirite akote ou.
Do not devise evil against your neighbor, And he sitting confidently with you.
30 Pa fè kont ak yon nonm san koz, depi li pa konn fè ou tò.
Do not strive with a man without cause, If he has not done you evil.
31 Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan, ni pa chwazi chemen li yo.
Do not be envious of a man of violence, Nor fix on any of his ways.
32 Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a; men SENYÈ a vin toupre a sila yo ki dwat yo.
For the perverted [is] an abomination to YHWH, And His secret counsel [is] with the upright.
33 Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo, men Li beni abitasyon a moun dwat yo.
The curse of YHWH [is] in the house of the wicked. And He blesses the habitation of the righteous.
34 Li moke moun k ap moke, men Li bay gras a sila ki aflije yo.
If He scorns the scorners, Yet He gives grace to the humble.
35 Saj yo va resevwa gran respe kon eritaj, men moun plen foli yo va dezonere.
The wise inherit glory, And fools are bearing away shame!

< Pwovèb 3 >