< Pwovèb 28 >

1 Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo; men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.
惡人無人追蹤,仍然竄逃;義人安然自得,有如雄獅。
2 Pa transgresyon a yon pèp, chèf peyi yo vin anpil; men lòd se etabi pa yon nonm bon konprann ak konesans.
由於國家的罪,領袖時有更迭;惟賴明哲之士,邦國方能久存。
3 Yon moun pòv ki peze malere se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.
欺壓弱小的惡霸,有如沖沒穀糧的暴雨。
4 Sila ki abandone lalwa a bay lwanj a moun mechan; men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.
違法的人,稱揚敗類;守法的人,與之為敵。
5 Moun mechan yo pa konprann lajistis; men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.
作惡的人,不明瞭正義;尋求上主的,卻全洞識。
6 Pi bon se malere ki mache ak ladwati a pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.
為人正直的窮人,勝於行為邪僻的富人。
7 Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann; men sila ki fè zanmi ak moun voras fè papa l wont.
遵守法律的,是智慧之子;交結蕩子的,是取辱己父。
8 Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan, ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.
誰放貸取利增加己產,是為憐恤貧乏者積蓄。
9 Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a, menm lapriyè li abominab.
對於法律,人若充耳不聞,他的祈禱,也為上主所惡。
10 Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an va li menm tonbe nan pwòp fòs li; men sila ki san tò a, va gen bon eritaj.
勾引正直的人走上邪路的,必落在自己所掘的坑內;但正直的人仍能繼承幸福。
11 Mesye rich la saj nan pwòp zye l; men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.
富貴的人,自認為有智慧,聰明的窮人一眼即看穿。
12 Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa; men lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.
義人獲勝,群情歡騰;惡霸當道,人人走避。
13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè; men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
文過飾非的,必不會順利;認錯悔改的,將蒙受憐憫。
14 A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a! Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.
常戒慎的人,必蒙祝福;心硬如鐵者,必遭災禍。
15 Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake, se konsa yon chèf mechan ye sou yon pèp malere.
暴君欺凌貧窮弱小,有如咆哮怒獅,飢餓野熊。
16 Yon gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann; men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.
無知的昏君,必橫行霸道;憎恨貪婪的,將延年益壽。
17 Yon nonm ki twouble ak koupabilite san moun va yon fijitif jiskaske li mouri. Pinga pèsòn ba li soutyen.
身負血債者,雖逃至死地,也無人搭救。
18 Sila ki mache san tò a va delivre; men sila ki kwochi a va tonbe byen vit.
行走正路的,必安然無恙;愛走曲徑的,必墮入陷阱。
19 Sila ki laboure tè a va gen anpil manje; men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.
自耕其地的,必常得飽食;追求虛幻的,必飽嘗貧苦。
20 Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon; men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.
忠誠篤實的人,將滿渥福祉;急於致富的人,將難免無過。
21 Montre patipri pa bon, paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.
顧及人的情面,原非一件好事;但為一片麵包,人卻陷身不義。
22 Yon nonm ak move zye kouri dèyè richès e li pa konnen kisa k ap rive li.
眼睛貪婪的人,匆匆急於致富;豈知貧乏窮困,即將臨他身上!
23 Sila ki bay yon moun repwòch va jwenn plis favè pase sila ki fè flatè ak lang li an.
責斥他人的,終比奉承的,更得人愛戴。
24 Sila ki vòlè papa li oswa manman l epi di: “Sa pa yon transgresyon”, se parèy ak yon moun ki detwi.
向自己父母行竊,卻說「這並不是罪,」與強盜是同路人。
25 Yon nonm awogan ap pwovoke konfli; men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
貪得無厭的人,必引起爭端;信賴上主的人,必心安理得。
26 Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou; men sila ki mache ak sajès la va delivre.
自恃聰明的,實是糊塗人;行事智慧的,必安全無恙。
27 Sila ki bay a malere a p ap janm manke; men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.
樂施濟貧的,決不會匱乏;視若無睹的,必飽受咒罵。
28 Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo; men lè yo peri moun dwat yo vin plis.
惡霸當道,人人走避;惡霸滅亡,義人興旺。

< Pwovèb 28 >